SHARE:  
11 Desanm 2023
Anons Dat Gradyasyon Pwomosyon 2024 La
 
Pwomosyon 2024, make kalandriye nou! Distri a pral onore reyalizasyon plizyè milye elèv ansanm ak manm fanmi yo, zanmi yo ak sipòtè yo nan 32 seremoni gradyasyon an-pèsòn nan mwa Me 2024 la.
 
Elèv Yo Ap Chanje Fiti A Ak Enfòmatik
Distri a onore Semèn Syans Enfòmatik nan dat 4 pou 10 Desanm nan ak inisyativ ki rele Hour of Code (Èdtan pou Pwograme).
 
Sa yon efò mondyal anyèl ki fèt pou entwodui elèv nan syans enfòmatik. Fanmi yo kapab patisipe ladan l tou lakay yo. Aktivite yo pa mande okenn eksperyans epi yo kapab fèt sou navigate entènèt, tablèt, oswa telefòn entelijan, epi genyen ki pa bezwen okenn òdinatè. Pou aprann plis ak patisipe, klike la a.
 
Inogirasyon Konstriksyon Nouvo Bilding Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach
Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la, lidè distri yo, administratè yo ak sipòtè kominotè yo te reyini ansanm pou yo inogire konstriksyon yon nouvo etablisman 32.000 pye kare nan Lake Worth Beach. Yon fwa li ouvri nan fen ane 2024 la, li pral sèvi kòm yon sant inovasyon ak yon espas devlopman pwofesyonèl, sipòte plis pase 100 pwogram pou elèv ak pwofesè, epi fasilite ekspansyon Red Apple Supplies.
 
Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Colette Miller se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Verde K-8. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.
 

An n Aprann Divès Opòtinite Ki Genyen Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach La
Elèv ak sa ki ap gradye gradye nan pwogram Chwa ak Karyè yo pataje fason yo te kapab anbrase rèv yo gras ak pwogram Chwa ak Karyè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Aplikasyon pou ane lekòl 2024-2025 la ap fèmen 26 janvye 2024.
 
 
Publix Sipòte Elèv Ak Materyèl Pou Lekòl
Volontè ki soti nan Publix Super Markets ak lidè Distri yo te mete ansanm ak Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach pou distribye founiti klasik ki vo plis pase $230.00. Inisyativ Publix Tools for Back to School te alabaz koleksyon fon sa yo.
 
Èske w ap chèche fason pou ede kominote w sezon fèt sa a? Klike la a pou w konnen kijan ou kapab sipòte elèv ak pwofesè lokal yo atravè Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach.