Elèv Yo Ap Kòmanse Ane Lekòl La Ak Fyète Epi Byen Prepare Gras Ak Sipò Kominote A

Gras ak Office Depot, Domtar Corporation, Boise Paper, ak Education Foundation of Palm Beach County, elèv ak anplwaye nan Lekòl Elemantè Boca Raton ak Forest Hill ap byen kòmanse ane a ak valiz tou nèf ki plen materyèl ki nesesè pou ane lekòl la. Pandan selebrasyon "Start Proud" yo, chak lekòl yo resevwa yon chèk $20,000 ki soti nan Domtar Corporation, epi yon pwofesè nan chak lekòl yo te jwenn sipriz yon pakè founiti ak teknoloji soti nan men Office Depot.