SHARE:  
 
 

11 Novanm 2024

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Lekòl Djanm Bay Kominote Djanm

 

Sipèentandan Michael J. Burke remèsye votè Rejyon Palm Beach pou sipò yo bay pou Mwatye Santim pou lekòl yo ki pral amelyore sekirite, achte bis, epi mete ajou teknoloji pou elèv ak pwofesè yo.

 

Klike la a pou plis enfòmasyon.

 

Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat La  

Pou onore Fèt Veteran yo, Sipèentandan Mike Burke te fè eksperyans kijan Pwogram Lame JROTC nan Lekòl Segondè Dr. Joaquín García prepare pwochen ewo nasyon nou an.


Aprann plis sou pwogram chwa ak karyè nan mypbchoiceapp.com.


Klike la a pou w gade nouvo epizòd “Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat La”.


Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Josh Well se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Whispering Pines. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li. Klike la a pou w nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a!

Elèv Nan Akademi Konstriksyon Nan Lekòl Segondè Atlantic Vizite Nouvo Bilding Fondasyon Edikasyon An

Elèv ki nan pwogram Konstriksyon nan Lekòl Segondè Atlantic te gen opòtinite vizite nouvo bilding ki pral sèvi kòm Biwo Prensipal Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la. Reprezantan Proctor Construction, ki te travay pou konstwi bilding nan, te fè elèv yo vizite l pandan y ap pataje ansanm konesans endistri a ak opòtinite karyè ki pral disponib pou elèv sa yo apre yo fin gradye.

 

Klike la a pou w gade yon rezime vizit la.

Prepare Bisiklèt Ou Ak Kas Ou - La Vuelta Tounen!

Kowalisyon Edikasyon Panyòl PBC ap òganize 2yèm aktivite anyèl La Vuelta Palm Beach dimanch 1ye desanm 2024. Evènman sa a se yon rasanbleman pou monte bisiklèt pou benefisye fon bousdetid Lekòl Segondè Dr Joaquín García. Lè w patisipe oswa kontribye nan evènman sa a, ou fè yon enpak enpòtan sou lavi jèn elèv k ap aprann yo.


Nou ankouraje fanmi ak zanmi patisipe pandan w vin aplodi siklis ou pi renmen. Ap genyen manje pou vann, mizik, elatriye. 


Klike la a pou aprann plis ak enskri jodi a.


JOU FÈT VETERAN

Dirijan distri yo onore tout anplwaye veteran yo nan yon selebrasyon espesyal

ďťżLendi 11 Novanm 2024.