Vandredi 23 Avril 2021

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.


Pwogram Ete Pou Ranfòsman Akademik

Disparite nan reyisit elèv te egziste anvan COVID-19, men pandemi an elaji diferans la. Pou adrese pwoblèm sa a, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap ofri pwogram pandan vakans ete pou ranfòse aprantisay elèv apati yon inisyativ global ki rele Plan Sipò Akademik pou Elèv (SASP).

Medam yo Ap Ede Youn Lòt nan Lekòl Segondè Santaluces

Rithika Kacham, yon elèv klas tèminal nan Lekòl Segondè Suncoast kòmanse yon pwogram pou dispanse pwodui feminen nan 11 lekòl segondè Tit 1 yo.

Lekòl Segondè Santaluces se premye lekòl ki ap benefisye pwodui yo.  Klike la a pou w gade.

Pwogram Leson Patikilye Matematik Ofri Yon Kantite Benefis Pou Elèv

Konsèy Nasyonal sou Asirans Konpansasyon (NCCI) te kòmanse yon pwogram pilòt nan Village Academy nan mwa fevriye 2020 an kote anplwaye yo sèvi kòm volontè pou bay elèv yo leson patikilye matematik ak konsèy, pandan y ap tou ba yo oryantasyon sou karyè. Klike la a pou w li plis.
Mèsi tout Pwofesyonèl Administratif devwe, Pwofesyonèl apre lekòl, ak Volontè, pou efò yo ak kontribisyon yo pou kenbe Distri a ap mache san pwoblèm!

• Mèkredi 21 avril - Jou Pwofesyonèl Administratif yo
• 19-23 Avril - Semèn Apresyasyon Pwofesyonèl apre lekòl
• 18-24 avril - Semèn Volontè Nasyonal
Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.