Vandredi 1ye Avril 2022
Prezantasyon Pwogram Edikasyon Elèv Eksepsyonèl
Enfòmasyon Ou Dwe Konnen
Rezilta lotri pou pwogram ochwa pou ane lekòl 2022-2023 a ap pibliye
jodi vandredi 1ye avril la apre 3 p.m.
Gade Cho Televizyon "Enfòme W"
Pou Semèn Sa a!

Sijè semèn nan se: Wòl ak Responsablite Yon Asistan Direktris ak envite Jeannie Placil.
Bay Opinyon W Sou Nouvo Plan Estratejik Distri A Ap Prepare A
Distri a nan faz final devlopman nouvo plan estratejik li pou senk ane. Nou ankouraje paran, anplwaye, manm kominote a pou pran yon ti tan pou bay opinyon yo sou kat tèm ki chwazi yo. Klike la a pou patisipe nan yon sondaj pou bay sa w panse.
Pwofesè Pou Semèn Nan Inisyativ "Remèsye Yon Pwofesè"
Depi li piti Shanice McKenzie-Burke ap anseye poupe li sa li aprann lekòl. Se yon pratik ki peye paske kounye a li se yon pwofesè ki genyen pwòp klas pa l nan lekòl North Grade K-8 nan Lake Worth Beach. Li se gayan pwofesè pou semèn nan. Gade vizit sipriz la.
Lekòl Nou Yo Patisipe Nan Konpetisyon Lego
22 lekòl patisipe nan premye Chanpyona Rejyonal Lig Lego a nan Lekòl Segondè Palm Beach Gardens. Gade kijan patisipan yo ap aprann ladrès nan syans konpitè, jeni, kolaborasyon, rezolisyon pwoblèm, apati eksperyans sa a.
Gwoup fanfa pèkisyon nan Lekòl Elemantè Gove bay elèv yo plis pase yon chans pou aprann jwe yon enstriman mizik.  Tande temwayaj direktè fanfa a osijè opòtinite pou siskè sa bay.
Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.