SHARE:  
Madi 16 Fevriye 2021
Sant Edikasyon pou Adilt Ofri Opòtinite Aprantisay

Sant Edikasyon pou Adilt chita nan yon nouvo bilding nan West Palm Beach. Li la pou ede imigran aprann anglè, GED, devlope ladrès teknik pou yon metye, distraksyon elatriye. Gade videyo a.
Lekòl Segondè Ofri Klas Dwòn

Lekòl Segondè Palm Beach Lakes pral ofri yon nouvo klas pou aprann elèv vole machin ayeryen san pilot/dwòn. Pou moman an se elèv nan klas douzyèm sèlman ki ap kapab pran klas sa a. Lekòl la ap travay pou rive ouvri opòtinite pou elèv nan klas onzyèm yo kapab pran klas sa a tou nan ane ki ap vini yo. Gade videyo a.
Yahama’s “40 Under 40” Rekonèt Direktris Fanfa Lekòl

Yahama’s “40 Under 40” rekonèt direktris fanfa Lekòl Segondè Lake Worth Tiffany Cox pou gwo pèfòmans li kòm pwofesè mizik eksepsyonèl. Cox te chwazi pami plis pase 450 pwofesè mizik atravè peyi a. Klike la a pou w li plis.
Absans Eskize Pou Elèv Ale Travay ak Paran yo

Elèv ki vle akonpaye yon paran nan travay andeyò Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap resevwa yon absans eskize pou jou jedi 22 avril la. Klike la a pou w li plis.
Inivèsite pou Paran

Depatman Ediksayon Espesyal ap òganize yon Inivèsite pou Paran Vityèl Madi 23 Fevriye, 7:00-8:00 PM. Tèm nan se: Kreye Patenarya ant Fanmi ak Lekòl yo. Klike la a pou w enskri. Pou plis enfòmasyon kontakte : Sèvis pou Paran ESE/FDLRS nan (561) 434-8377.
Genyen yon Bousdetid 4 Ane

Elèv kapab selebre Mwa Istwa Nwa pandan y ap gen chans genyen yon bousdetid oswa lajan kach nan konpetisyon premye dam Casey DeSantis. Klike la a pou detay kijan pou w patisipe.
Medya Sosyal Kreyòl Distri a Bezwen Nou Suiv Yo

Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.