Vandredi 21 Me 2021

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

Nouvo Lekòl nan Distri a

Distri a fyè pou revele plan pou konstriksyon de nouvo lekòl.

Yon lekòl segondè ap konstwi sou 47 kawo tè nan zòn wès Lake Worth Beach, ak yon lekòl elemantè ap fèt nan Boca Raton akote Lekòl Mwayen Don Estridge High Tech. Klike la a pou w gade videyo a.

Konpliman
Santiago Alvarez!

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach vle remèsye elèv klas tèminal Lekòl Segondè Boca Raton, Santiago Alvarez, pou sèvis li antanke reprezantan elèv kòm manm Komite Direksyon Distri a.

Pwofesè Distri a Ranpòte
Prim Atizay

Soti nan Broadway World - Direktè Fanfa ak Prezidan Depatman Atizay nan The Conservatory School, Cleve A. Maloon, ak Direktè Fanfa nan Lekòl Segondè Lake Worth Tiffany Cox ap jwenn omaj nan kategori edikatè atizay. Klike la a pou w li plis.

Konsèy Ekonomik Rejyon Palm Beach la ap chache nominasyon nan men elèv ak paran yo pou Edikatè Ekstraòdinè ki fè plis pase sa yo dwe fè pou asire elèv yo jwenn resous ak atansyon pèsonèl ki nesesè pou aprann epi reyisi.

Pandan mwa me a, Konsèy la ap onore Edikatè Ekstraòdinè sa yo e li felisite tout manm pèsonèl lekòl nan Rejyon Palm Beach la ki kontinye fè yon diferans nan kominote a. Klike la a pou w li plis.
Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.
Me se MWA ERITAJ AYISYEN
Modèl nou pou jodi a se EDWIDGE DANTICAT. Li resevwa anpil pri antanke ekriven. Li se yon egzanp reyisit entèlektyèl pou jenn ayisyen.