Vandredi 3 Septanm 2021
Sipèentandan Mike Burke ap fè nou konnen efò ki ap fèt pou ogmante aksè pou pran vaksen COVID-19, ak tès rapid epi kijan lidè Distri yo ap montre apresyasyon yo pou manm pèsonèl la ki ap travay di.


Gratitid Pou Chofè Bis Yo
Kòmansman ane lekòl la se peryòd cho pou chofè bis yo. Lidè Distri yo ak Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la, ak Matthews Buses, te remèsye yo nan envite yo nan yon dejene nan TooJay's.

Vin travay ak ekip transpòtasyon an. Jwenn plis enfòmasyon.
Sezon Espò A Kòmanse
Pare w kòm fanatik ekip espò lekòl pitit ou pou w al chofe yo. Sezon foutbòl ameriken an kòmanse ansanm ak lòt espò yo. Avan match yo, li ta bon pou w chache revize pwotokòl atletik pou sezon an epi jwenn kote ou kapab achte tikè alavans.
Vin Yon Pwofesè Sipleyan Pou Yon Orè Travay Fleksib

Yon orè travay fleksib ak ogmantasyon salè distri a bay la, se de rezon pou w vini travay kòm yon pwofesè sipleyan nan Rejyon Palm Beach la. Gade videyo sa a pou w tande yon pwofesè sipleyan ki ap bay rezon li renmen travay sa a. Aplike kounye a pou w vin yon pwofesè sipleyan nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach.
Elèv: Bay Estati Sa a Yon Non Pou Genyen $2.500 Dola

Elèv ki nan lekòl elemantè ak mwayen yo genyen chans pou bay moniman sa a (Ewo Chen Militè), ki devan Lois Pet Clinic nan Boca Raton, yon non. De gayan ap yo chak resevwa $2.500 pou yomenm ak $2.500 pou lekòl yo. Konpetisyon an ap kòmanse 9 septanm. Klike la a pou w jwenn detay konkou a.
Èske gen yon pwofesè espesyal ki te fè yon gwo diferans nan lavi ou? Kounye a se moman pou w di l "mèsi!" Kòmanse 9 septanm, nou pral etone yon pwofesè remakab chak semèn apati nominasyon ou. Gayan chak semèn ap resevwa yon kado $ 100 nan men patwon nou yo, T-mobil ak Gold Coast Federal Credit Union.  Nonmen yon pwofesè jodi a!
Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.