Madi 3 Novanm 2020
Aplike Kounye a pou Chwa Pwogram Edikasyon Pitit ou
Peryòd aplikasyon pou pwogram Ochwa yo pou ane lekòl 2021-2022 an ouvri kounye a. Vizite Ekspozisyon Vityèl Lekòl yo pou w jwenn enfòmasyon sou plis pase 300 pwogram ochwa ak akademi karyè pou elèv nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Klike la a pou w aplike.
Jwe Mizik ak Mas Sekirite
Elèv nan fanfa nan Lekòl Elemantè South Grade, Lekòl Elemantè Highland, ak Lekòl Segondè Lake Worth resevwa mas espesyal pou jwe mizik. Mas espesyal sa yo sèvi tou pou kouvri bouch enstriman mizik ki bezwen sa. Gade jan donasyon sa a ap ede elèv yo pousuiv pasyon yo pou mizik.
Pran Avantaj Pwogram Edikasyon pou Adilt yo
Pwogram Edikasyon pou Adilt nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ofri moun opòtinite pou kontinye fè aprantisay epi ogmante konesans yo. Klike la a pou w li plis.
Bilten Head Start pou Paran pou Mwa Novanm 2020
Head Start pibliye chak mwa bilten enfòmasyon pou paran ki genyen timoun piti. Bilten sa a genyen plizyè ribrik ladan l pou edike paran epi fè yo konnen pwogram, opòtinite ak resous ki disponib pou yo ede pitit yo. Klike la a pou w li bilten an.
Vizite Depo Materyèl Sekirite pou Elèv ak Anplwaye nou yo
Distri a genyen yon depo 70.000 pye kare ki abrite yon estòk ekipman pwoteksyon ki genyen ladan yo gan, sèvyèt dezenfektan, kouvèti figi, kachnen, ki disponib pou distribiye nan lekòl yo nan ka ta genyen bezwen. Klike la a pou w fè yon vizit nan depo a.