Madi 13 Jiyè 2021
Sipèentandan Dr. Donald E. Fennoy Anonse Demisyon l
Sipèentandan Dr. Donald E. Fennoy anonse demisyon l bay Komite Direksyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Nan yon lèt li voye bay paran li eksprime satisfaksyon li epi remèsye yo pou konfyans yo te plase nan li. Sipèentandan an di li demisyone pou rezon pèsonèl li. Klike la a pou w li plis.
Pwofesè ak Elèv Rejyon Palm Beach la Bezwen ou
Èske ou ka ede youn, dis, yon santèn, oswa plis elèv byen kòmanse ane lekòl la? Patisipe nan maraton pou valiz ak founiti klasik ki kòmanse depi kounye a pou rive 9 out. Klike la a pou w li plis.
Pwogram Metye Nan Sant Edikasyon West Tech Pou Nouvo Gradye
Jounen Enfòmasyon pou pwogram pou metye pou nouvo gradye ansanm ak enskripsyon ap fèt nan West Tech Jedi 22 jiyè soti nan 9 a.m. pou rive 12 p.m., epi 2 p.m. pou rive 5 p.m. nan 2625 State Road 715 nan Belle Glade. Pou plis enfòmasyon kontakte (561) 561-829-4620.
Sonje Pou w Enskri Pou Transpòtasyon
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la egzije pou tout elèv ki pral itilize transpòtasyon nan bis yo pou ane lekòl 2021-2022 an enskri nan Depatman Transpòtasyon an. Sa a pèmèt elèv la deja anrejistre nan pakou yon bis. Klike la a pou w li plis.
Konstriksyon yo ap Kontinye Fèt Pandan Ete a
Lè elèv ak anplwaye retounen nan Lekòl Segondè Spanish River nan mwa out la y ap jwenn anpil reparasyon ak modènizasyon nan lekòl yo a.

W ap Chache Jòb? Vin Travay ak Ekip Transpòtasyon Distri a
Distri a aktyèlman ap anplwaye chofè bis. Si ou enterese jwenn yon travay orè fleksib, ki genyen benefis, vin nan fwa anbochaj la ki ap fèt Jedi 22 Jiyè nan 3376 Summit Blvd. nan West Palm Beach.
Aplike sou entènèt kounye a oswa rele 561-242-6515 pou plis enfòmasyon.

Vaksen Disponib Pou Elèv Pou Reouvèti Lekòl
Vaksen disponib pou elèv kindègatenn, klas setyèm, ak nouvo elèv ki ap rantre lekòl nan Rejyon Palm Beach la. Y ap jwenn opòtinite pou pran vaksen nan Sant Akèy Distri a chak mèkredi.
Prepare w Pandan Vakans la
Fè aktivite pou w pa fè bak akademikman. Vizite paj sa a.

Kontinye devlope ladrès sosyal ak emosyonèl ak aktivite sa yo.
Men de twa konsèy pou elèv ki vle aplike pou travay pandan vakans la, oswa prepare pou rantre kolèj.
Distribisyon Manje Gratis Pandan Vakans la
Sèvis Manje Manje Lekòl la ap kontinye distribye manje gratis pandan vakans ete a apati madi 22 jen nan plizyè lokal. Y ap ajoute plis lokal lendi 28 jen. Tout sit ki gen lekòl pandan vakans oswa kan ete yo ap ouvri pou distribiye manje. Klike la a pou w li plis.
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.