Madi 29 Jen 2021
Mizajou Sou Pwotokòl Pou Reouvèti Lekòl Lekòl Pou Ane 2021-2022
Nan Atelye Travay Komite Direksyon Distri a Mèkredi 23 jen, Sipèentandan Donald Fennoy dekri chanjman ki genyen nan pwotokòl COVID-19 pou lè lekòl yo reouvri 10 Out pou ane lekòl 2021-2022 la. Klike la a pou w li nouvo pwotokòl yo.
Lekòl Yo Ouvri Pou Enskripsyon Pandan Ete a
Tout lekòl yo ap ouvri pou enskripsyon pandan ete a (Madi, 22 jen, jiska Lendi 9 Out). Pa p gen enskripsyon Lendi, 5 jiyè.
Anplwaye ap disponib pandan moman sa yo pou fasilite enskripsyon elèv yo. Pou paran ki pale yon lòt lang, Fasilitè Lang yo (CLF) ap disponib. Klike la a pou w li plis.
Nou Bezwen Chofè Bis. W ap Kalifye Pou $1.000 Bonis Apre Premye Ane Travay ou
Avan rantre lekòl la chofè bis okipe anpil nan planifikasyon pou asire pakou y ap genyen pou fè byen kouvri. Chak jou chofè nou yo transpòte anviwon 60.000 elèv. Gade videyo chofè bis yo ki ap travay.
Vaksen Disponib Pou Elèv Pou Reouvèti Lekòl
Vaksen disponib pou elèv kindègatenn, klas setyèm, ak nouvo elèv ki ap rantre lekòl nan Rejyon Palm Beach la. Y ap jwenn opòtinite pou pran vaksen nan Sant Akèy Distri a chak mèkredi.
Prepare w Pandan Vakans la
Fè aktivite pou w pa fè bak akademikman. Vizite paj sa a.

Kontinye devlope ladrès sosyal ak emosyonèl ak aktivite sa yo.
Men de twa konsèy pou elèv ki vle aplike pou travay pandan vakans la, oswa prepare pou rantre kolèj.
Distribisyon Manje Gratis Pandan Vakans la
Sèvis Manje Manje Lekòl la ap kontinye distribye manje gratis pandan vakans ete a apati madi 22 jen nan plizyè lokal. Y ap ajoute plis lokal lendi 28 jen. Tout sit ki gen lekòl pandan vakans oswa kan ete yo ap ouvri pou distribiye manje. Klike la a pou w li plis.
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.