Madi 22 Septanm 2020
Lokal Lekòl yo Reouvri
Elèv yo retounen al aprann anpèsòn nan lekòl yo ak anpil pwotokòl sekirite anplas. Sipèentandan Donald E. Fennoy II, ak Vis-Sipèentandan Keith Oswald, ak de twa nan manm Komite Direksyon Distri a te vizite kèk lekòl pou sipòte elèv ak anplwaye yo.
Tablo COVID-19 ap Ede Tout Moun Suiv Ka nan Lekòl yo
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap mete mete yon Tablo COVID-19 sou entènèt pou kenbe paran yo ak piblik la enfòme sou ka yo rapòte nan lekòl ak biwo Distri a. Ap genyen yon mizasjou tablo a ki fèt a 11:30 p.m. chak swa pou rapòte ka yo pa dat, lekòl, ak kantite elèv ak anplwaye ki afekte yo. (Klike la a pou w li plis)
Sonje Pran Vaksen Kont Grip
Otorite sante yo ankouraje tout moun pwoteje tèt yo kont viris grip la. Pandan vaksen kont grip pa disponib nan lekòl yo, li enpòtan pou paran ak anplwaye Distri yo okouran kijan yo kapab jwenn vaksen kont grip pou timoun ak granmoun nan pri ki ba oswa gratis. Genyen plizyè kote ki bay vaksen sa yo. (Klike la a pou w li plis)
Dolphins Fè Don 100 Mil Dola pou Teknoloji
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la resevwa yon kontribisyon charitab $ 100,000 nan men Miami Dolphins pou ede konble dezavantaj dijital la, pou asire ke tout elèv kapab konekte. Donasyon jenere sa a te posib gras ak kontribisyon jwè yo, ekip la ak Lig Foutbòl la.(Klike la a pou w li plis)
15 Septanm - 15 Oktòb se Mwa Eritaj Panyòl
Kenz septanm pou rive Kenz oktòb se dat selebrasyon Mwa Eritaj Panyòl. Akoz COVID-19 selebrasyon ane sa ap genyen aktivite ki fèt vityèlman.
Elèv Rejyon Palm Beach Pami Semifinalis Nan Pwogram Bous Merit Nasyonal La Pou Ane 2020 An
Nan dat 9 septanm, National Merit Scholarship Corporation (NMSC) anonse non 49 elèv nan Distri Lekòl nan rejyon Palm Beach elèv yo kòm semifinalis nan 66èm Pwogram Bous Nasyonal Merit anyèl la. (Klike la a pou w li plis)
Manje Gratis pou Tout Moun
Apati jedi 10 septanm, manje ap gratis pou timoun rive jiska desanm, gras ak yon desizyon Depatman Agrikilti Etazini. Distribisyon manje ap kontinye nan lekòl nan distri a madi ak jedi ant 11:00 ak 1:00 pm, epi ant 1:00 ak 5:00 pm jiskaske lekòl yo reouvri.
Pwotokòl Pou Vizite Lekòl akoz COVID-19
Komite Direksyon Distri a tabli reglèman pou vizitè oswa nenpòt moun ki pa yon anplwaye oswa elèv distri a otorizasyon pou rantre nan yon lekòl oswa yon propriyete distri a, yon fason pou pwoteje sante, sekirite, ak byennèt elèv ak anplwaye nan mete n annakò ak pwotokòl sekirite distri a pou COVID-19 dapre gid CDC, eta a, ak otorite lokal yo.
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an avan 30 septanm. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov