Se Lè Pa w Pou w Briye!
Nou pa kapab tann pou swete elèv nou yo bon retou nan yon nouvo ane lekòl anpèsòn ane sa a. Madi 10 ou se ap premye jou lekòl. Gade kijan de twa elèv ak pwofesè ap prepare pou rantre lekòl.
Gade Kijan Bagay yo Pral Ye Nan Lekòl yo Ane Sa a
Ane sa a ap genyen plizyè chanjman nan pwotokòl yo te devlope pou COVID-19 yo ki te enplemante pandan ane 2020 an.
Lidè Distri yo Ap Bay Yon Mizajou Sou Preparasyon pou Rantre Lekòl
Jedi 5 out 2021 a 1:00 p.m., Sipèentandan Mike Burke ak lòt lidè Distri a ap bay yon mizajou sou preparasyon pou rantre lekòl.
Kijan Pou w Jwenn Nimewo Idantite Pitit ou
Pou w jwenn anpil enfòmasyon pou pitit ou sou paj entènèt distri a y ap mande w pou w itilize nimewo idantifikasyon elèv la. Anplis li bezwen l tou pou konekte sou plizyè aktivite. Men kijan pou w jwenn nimewo idantite l.
Dejene ak Manje Midi Gratis Pou Elèv Ane sa a
Paran pa bezwen voye manje lekòl pou pitit yo. Ane sa a Dejene ak Manje Midi ap gratis pou tout elèv pandan tout ane a. Nou konnen dejene te toujou gratis depi avan. Paran pa p bezwen aplike sou entènèt men yo kapab resevwa plis benefis si yo fè sa sou adrès sa a.
Videyo Pou Ede Paran Navige Sistèm Edikasyon Pitit
Si w bezwen konnen kijan pou w siyen sou Pòtal Elèv, navige sou Klas Google, jwenn liv sou entènèt, elatriye, genyen yon varyete videyo ki montre w kijan pou fè sa. Klike la a pou w gade plizyè nan videyo sa yo.
Nou Bezwen Chofè Bis! Aplike Kounye a
Depatman Transpòtasyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize jounen anbochaj pou chofè bis Jedi 5 Out soti 9:30 nan maten pou rive 2:00 nan apremidi nan lokal ki nan 3376 Summit Blvd nan West Palm Beach. Klike la a pou w li plis.
Peryòd San Taks Pou Reouvèti Lekòl
Ou kapab achte founiti klasik, rad, aparèy elektwonik, ak plizyè lòt atik san peye taks soti samdi 31 jiyè pou rive lendi 9 out. Klike la a pou w wè lis atik ki kalifye ak jwenn plis enfòmasyon.
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.
Sa a se edisyon final bilten Enfòme W paske nou pral konbine enfòmasyon ak mizajou yo. Pou ane lekòl 2021-22 an, paran yo ap resevwa bilten 5 Atik Pou Vandredi a chak semèn. Ou otomatikman enskri pou resevwa l apati vandredi 13 out 2021.