Vandredi 19 Out 2022
Ak nouvo ane lekòl ki kòmanse a, li enpòtan pou raple elèv ak paran ke kapab genyen okazyon kote yo fè pratik lòk lekòl yo. Chèf Polis Distri a Sarah Mooney ap eksplike kijan pou konpòte nou lè genyen pratik ak lè lekòl yo lòk toutbon.
Kanpay “Remèsye yon Pwofesè” Retounen
Kanpay chak jedi pou “Remèsye yon Pwofesè” ap tounen pou nouvo ane lekòl la pou selebre pwofesè devwe Distri Lekòl Rejyon Palm Beach yo. Pandan ane eskolè 2022-2023 a, yo ankouraje elèv yo, fanmi yo, ak manm estaf yo bay temwayaj sou yon pwofesè espesyal ki ap byen enspire elèv, kreye bon leson, ak aji yon fason ki genyen gwo enpak sou elèv. Klike la a pou w li plis.
Elèv Lekòl Segondè! Ou Kapab Vini Yon Konseye Nan Pwogram Apre Lekòl
Si w vle yon travay ki genyen orè fleksib, ki amizan, kote ou pa p travay pandan wikenn, oumenm elèv lekòl segondè kapab aplike pou vini yon konseye pou pwogram apre lekòl. Ou kapab sèvi ak lè yo peye w pou li yo pou fè yo konte pou travay kominotè tou.
Office Depot Fè Elèv Kado 1.200 Valiz
Nan kad "Start Proud Initiative", Office Depot fè elèv nan distri a kado valiz ki plen ak founiti klasik pou demare nouvo ane lekòl la byen prepare. Plis pase 1.200 valiz te distribiye.

Semèn sa a, Sipèentandan Mike Burke te pale nan Dejene Chanm Komès Palm Beach North nan okazyon Reouvèti Lekòl kote li te pale osijè plan Distri a pou ane eskolè k ap vini an ki gen ladan l ogmante siksè tout elèv, satisfè bezwen sosyal, emosyonèl, ak bezwen sante elèv ak anplwaye yo, ansanm ak renouvèlman Referandòm Lekòl 2022 an.

Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.