Madi 23 Fevriye 2021
Kisa ki Fè w Fyè de Lekòl ou #PublicSchoolProudPBCSD?
Se Semèn Lekòl Piblik! Ane lekòl sa a ba nou plis rezon pou nou fyè de lekòl nou yo. Nou sèvi plis pase 16.5 milyon pla manje depi mwa mas ane 2020 an, nou fè chak elèv genyen yon òdinatè, epi n ap vin bay plizyè milye WiFi gratis. Klike la a pou w di nou kisa ki fè w fyè de lekòl ou.
Patisipe nan Sware Vityèl Patisipasyon Fanmi
Depatman Edikasyon Miltikiltirèl ap òganize yon Sware Vityèl Patisipasyon Fanmi Jedi 25 Fevriye 2021 soti 6:00 PM pou rive 7:30 PM pou paran. Vin pran enfòmasyon pou w pi byen patisipe nan edikasyon pitit ou epi jwenn repons pou kesyon w. Klike la a pou jwenn kijan pou w patisipe.
Konpetisyon Lekti Vityèl "Battle of the Books"
Konpliman pou elèv Lekòl Elemantè Morikami Park, Lekòl Mwayen Bak, ak Dreyfoos, ki genyen konpetisyon "Battle of the Books" chak nan kategori pa yo. Klike la a pou w gade konpetisyon vityèl la.
Remèsye yon Chofè Bis Pandan Semèn sa a
Distri a ap selebre "Semèn Renmen Bis" nan ankourajman l ap bay elèv, anplwaye, an fanmi yo pou montre apresyasyon pou chofè bis yo.
Inivèsite pou Paran

Depatman Ediksayon Espesyal ap òganize yon Inivèsite pou Paran Vityèl Madi 23 Fevriye, 7:00-8:00 PM. Tèm nan se: Kreye Patenarya ant Fanmi ak Lekòl yo. Klike la a pou w enskri. Pou plis enfòmasyon kontakte : Sèvis pou Paran ESE/FDLRS nan (561) 434-8377.
Aktivite pou Selebre Mwa Istwa Nwa Konsantre sou Pèsonaj Lokal yo
Biwo Etid Afrien, Afriken Ameriken, Latino, Jan, ak Etid Olokòs ap fè yon aktivite vityèl pou elèv nan klas 4-12yèm sou pèsonaj lokal ki kontribye nan devlopman Rejyon Palm Beach la. Gade l vandredi a 1 p.m.

Medya Sosyal Kreyòl Distri a Bezwen Nou Suiv Yo

Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.