Vandredi 5 Mas 2021

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

Nan non Komite Direksyon Distri a, ak tout anplwaye ki ap travay pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, mèsi pou sipò inebranlab ou bay elèv nou yo ak anplwaye nou yo. Toujou sonje Lekòl piblik nivo A nou an se pi bon chwa w pou edikasyon pitit ou.


Elèv Eta Florid Eksele nan Tès Plasman Avanse yo

Depatman Edikasyon Eta Florid (FDOE) anonse ke elèv li yo depase lòt eta yo nan pran ak pase klas ak ekzamen Plasman Avanse yo (AP).

Non sèlman sa demontre siksè elèv yo, men tou sa pèmèt fanmi yo ekonomize plis pase $ 146 milyon dola nan ekolaj pou kolèj. Klike la a pou w li plis.
Gen Anpil Demand pou Pwogram Aprantisay Metye

Soti nan WPTV - Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ofri pwogram gratis pou granmoun aprann yon vokasyon ki genyen anpil demand sou mache a.

Genyen plizyè metye ki disponib pou aprann apati pwogram sa yo. Klike la a pou w li plis.
Enskri pou Rantre Lekòl PBC Dat Limit 4 Jen! 
Elèv kapab enskri jiska 4 jen pou patisipe nan aktivite sa a ki ap fèt 24 jen pou resevwa founiti klasik gratis ak lòt resous.

Elèv la dwe abite nan youn nan katye ki deziye yo oswa nan pak mobil ki nan zòn ki sou jiridiksyon Rejyon Palm Beach la. Klike la a pou w li plis...
Elèv klas 11yèm nan Lekòl Segondè Suncoast, Sam Friedman, te resaman envite nan The Kelly Clarkson Show! Sam te al pale osijè òganizasyon ki rele South Florida Tech For Seniors, li kreye pou ede granmoun aje nan kominote a aprann nouvo teknoloji yo. Klike la a pou w gade videyo a...
Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.