Madi 7 Avril 2020
Orè Distribisyon Manje Yo Chanje
Pou semèn 6 avril, lokal kote yo bay manje ap ouvri lendi pou jedi. Moun ki vini pran manje jedi ap tou resevwa manje pou jedi ak vandredi.
Kòmanse lendi, 13 avril jiska nouvèl òd, y ap bay manje nan 35 lokal lendi, mèkredi, ak vandredi. Chak jou ou ale w ap kapab pran manje pou de jou. (Klike la a pou w li plis.)
Anons Finalis pou Pri Dwyer 2020
Konpliman pou finalis 36yèm Pri Anyèl William T. Dwyer pou Ekselans nan Edikasyon. Economic Council of Palm Beach County Foundation ak òganizasyon ki patwone l yo fè anons la 1ye avril pandan tan ki espesyalman kritik sa a. Se bon lè pou onore edikatè eksepsyonèl yo.
Rezilta Lotri pou Pwogram Ochwa yo pou ane 2020-21 an Distponib
N ap fè tout paran konnen ke rezilta lotri pou Pwogram Ochwa pou ane lekòl 2020-2021 an disponib kounye a. Si w te aplike sou entènèt, ou kapab ale vizite paj entènèt pwogram nan ki se www.mypbchoiceapp.com pou w jwenn rezilta pa w la.
Gade leson ki anrejistre sou televizyon
Rezo Edikasyon an (TEN) anrejistre leson sou Comcast kanal 234, AT&T U-verse kanal 99, ak kanal 12.2 (CBS 12's subchannel).

Sistèm Bibliyotèk Konte a Ap Ede Elèv Jwenn Leson Patikilye Gratis Sou Entènèt
Sistèm Bibliyotèk Rejyon Palm Beach la ap ofri elèv yon sèvis leson patikilye GRATIS pou ede yo nan travay lekòl yo. Elèv yo ap bezwen yon kat bibliyotèk aktif pou itilize ak jwenn sèvis la. (Klike la a pou w li plis)
JWENN KONEKSYON WIFI GRATIS GRAS AK XFINITY
Comcast ouvri rezo Xfinity li a nan tout peyi a GRATIS pou de mwa akoz kriz Coronavirs la. Sa ap ede elèv ki pa gen Wifi lakay yo jwenn koneksyon pou enstriksyon sou entènèt.

W ap jwenn plis enfòmasyon sou: internetessentials.com .
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766