Madi 18 Fevriye 2020
KINAN NOU: Pwofil Lidèchip nan Distri a
An n Fè Konesans ak Patrick Chrysostome, Manadjè Biwo Divèsite nan Pratik Biznis
Li se Manadjè Biwo Divèsite nan Pratik Biznis ... (Klike la a pou w li plis)
FDOE Apwouve Kou sou Istwa ak Kontribisyon Ayiti
Depatman Edikasyon Eta Florid ( FDOE ) apwouve yon nouvo kou pou anseye Istwa ak Kontribisyon Ayiti nan Kontèks Mondyal.

Kou sa a, anplis kourikoulòm syans sosyal ki deja egziste a, ap disponib pou tout elèv nan lekòl segondè nan distri a. L ap vo 0.5 kredi depi elèv la pase li.
Nou Bezwen Opinyon w:
Kesyonè sou Efikasite Lekòl yo, Ankèt pou Paran
Kesyonè sou efikasite Lekòl yo (SEL/ SEQ ) mezire pèsepsyon w osijè efikasite lekòl nou yo. Kesyonè a bay lekòl yo ak Distri a bon jan enfòmasyon pou yo devlope epi kenbe yon klima pozitif ki bay sipò pou gwo pèfòmans ki se tèm prensipal nan plan estratejik la. (Klike la a pou w patisipe)
Sonje: Pa Gen Lekòl 17 Mas
Pa p gen lekòl pou elèv madi ki ap 17 mas 2020 an. Komite Direksyon Distri a fè chanjman nan kalandriye a paske lekòl yo ap gen pou sèvi kòm biwo vòt nan eleksyon ki ap vini yo. Jou a se ap yon jou fòmasyon pwofesyonèl pou anplwaye. Elèv ap tounen lekòl apre vakans prentan 30 mas olye 31 mas. (Klike la a pou wè kalandriye a)
Konsèy pou Chwazi Klas
Elèv nan klas mwayen ak segondè kapab chwazi klas yo ansanm ak konseye akademik lekòl yo. Inisyativ Inivèsite Paran an montre yo kijan pou yo prepare pou chwazi klas
Koze Jèn yo ki ap Ponpe Lafimen an ap Ba w Pwoblèm? Ale Patisipe nan Seminè ki Pral Pale sou sa
Ou dwe konsène. Pousantaj adolesan ak jèn ki ap ponpe lafimen ap ogmante chak jou malgre tout risk sante sa bay.
Seminè a ap fèt jedi 5 mas soti 6:00 pou rive 9:00 p.m. nan Lekòl Segondè Jupiter.
Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
Remèsye Yon Chofè Bis
MYRON WHITE

Nan edisyon "Remèsye yon Chofè Bis", distri a ap onore chofè bis ki aktyèlman genyen plis tan ap travay pou transpòte elèv nou yo. Se Myron White ki genyen 36 ane 6 mwa nan Depatman Transpòtasyon an.

KONPLIMAN epi MÈSI !
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766