SHARE:  
Vandredi 20 Desanm 2023
Pousantaj Gradyasyon 2022 Distri a depase Mwayèn Eta a
 
Pousantaj gradyasyon lekòl segondè nan Distri Rejyon Palm Beach a te depase mwayèn Eta Florid la ak sis lòt gwo distri lekòl iben yo pou ane 2022 a, dapre Depatman Edikasyon Eta Florid.
 
Pousantaj gradyasyon pou lekòl distri a se 92.8%, yon ogmantasyon sou dènye ane konparab 2019 la lè li te 91.6%. Ane pase a li te 95.9%. Diminisyon nan pousantaj gradyasyon Distri a parapò ak ane pase se akoz anilasyon egzansyon pou elèv pran tès akoz pandemi COVID 19 la pandan ane 2020-2021 a.
 
Sipèentandan Mike Burke di: “Pèfòmans gradyasyon klas 2022 nou an ankouraje m anpil, mwen vle eksprime rekonesans mwen anvè direktè lekòl segondè ki devwe nou yo.”
Bito David nan emisyon “ENFÒME W” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap resevwa kòm envite Margueline Rimpel ki ap pale osijè sa paran dwe konnen nan mwa janvye a osijè rès ane akademik pitit yo. Klike la a pou w gade cho a.
Kijan Elèv Distri A Ap Aprann Sou 9/11 Yon Fason Inik

Venndezan pase, men nou p ap janm bliye evènman trajik ki te pase 11 septanm 2001. Tunnel to Towers 9/11 Mobile Museum te vizite Lekòl Segondè Jupiter semèn sa a pou bay elèv yo yon chans pou yo konprann pi byen youn nan jou ki pi trajik nan istwa nasyon nou an. Pwòp ofisye polis lekòl la, Kevin O'Sullivan, te pataje eksperyans li nan 9/11 kòm lyetnan nan Depatman Polis Vil Nouyòk.
Remèsye Yon Pwofesè

Amy Forman se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Acreage Pines. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman yo, pwofesyonalis yo, ak jan yo genyen enpak pozitif sou elèv. Klike la a pou gade videyo a. 
Rekonèt Konseye Gid Pandan Mwa Nasyonal Konseye Gid

Pandan reyinyon Komite Direksyon Distri a, yo onore konseye ki soti nan Take Stock in Children PBC. Yo se volontè kominotè nan lekòl yo ki rankontre chak semèn ak elèv pou asiste bezwen emosyonèl, sosyal ak akademik yo. Konseye gid yo sipòte koute, ankouraje, epi ede elèv nan eksperyans aprantisay yo epi ba yo konsèy sou kijan pou yo byen planifye avni yo.

Pitit Ou Kapab Pwochen Chanpyon Konkou Eple A

Se sezon konkou eple nan lekòl yo. Pandan klas ak lekòl atravè peyi a kòmanse deklare chanpyon pa yo, Scripps National Spelling Bee pwolonje dat limit enskripsyon an pou bay plis elèv opòtinite patisipe.

Edikatè yo ak lekòl yo gen jiska 31 janvye pou yo enskri elèv lekòl primè ak mwayen yo pou patisipe nan pwogram Scripps National Spelling Bee 2022-2023. Edikatè ki enterese yo kapab jwenn plis enfòmasyon epi enskri nan spellingbee.com.

Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.