Vandredi 16 Septanm 2022
FWA KOLÈJ AK KARYÈ

Elèv ak fanmi yo envite nan Fwa Kolèj ak Karyè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap òganize mèkredi 28 septanm 2022 soti 5:00 pou 8:00 PM nan South Florida Fairgrounds nan West Palm Beach. Ap genyen reprezantan anpil kolèj, inivèsite, lekòl komès ak fòs ame ki ap vin pataje enfòmasyon. Ap gen sesyon FAFSA, ki se Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou Elèv pou ede fanmi yo konprann pwosesis pou aplike pou resevwa èd finansye pou kolèj. Ankò yon fwa se ap nan South Florida Fairgrounds. Pakin ap gratis.
Jou Pou Papa Mennen Pitit Yo Lekòl 
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, an kolaborasyon ak Depatman Edikasyon eta Florid la, ap rekonèt Jedi 22 septanm kòm jou pou Papa Mennen Pitit yo Lekòl. Distri a ankouraje papa, bòpè, granpapa, tonton, frè, papa adoptif, ak nenpòt lòt modèl gason pou patisipe nan mennen pitit yo lekòl. Klike la a pou w li plis.
Remèsye Yon Pwofesè
Saskia Llerena se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Belvedere. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman yo, pwofesyonalis yo, ak jan yo genyen enpak pozitif sou elèv. Klike la a pou gade videyo a. 
Distri A Ap Selebre Mwa Eritaj Panyòl
Jedi 15 septanm pou rive 15 oktòb se Mwa Eritaj Panyòl. Pandan tout mwa a, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pral selebre divèsite inik ak kontribisyon kilti Panyòl ak Latino. Komite Direksyon Distri a ap adopte yon pwoklamasyon sou Mwa Eritaj Panyòl pandan reyinyon regilye li. Klike la a pou w li plis. 
Lekòl Hidden Oaks K-8 Selebre Gwo Siksè

Lekòl Hidden Oaks K-8, ki nan lwès Boynton Beach, gen yon ti kras plis pou fè djòlè ane sa a. Li reyalize pi gwo siksè nan tout distri a soti nan nòt "C" pou monte "A."
Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.