SHARE:  
6 Novanm 2023
Aprantisaj, Souvni, ak Onore Sivivan Pandan
Semèn Edikasyon Olokos
 
Depatman Edikasyon Eta Florid rekonèt chak ane dezyèm semèn Novanm nan kòm Semèn Edikasyon Olokos, ki kowenside ak anivèsè Kristallnacht la, 9-10 Novanm 1938, yon evènman ki gen rapò ak istwa ki make kòmansman Olokos la nan Almay Nazi. Ane sa a, Semèn Edikasyon Olokos nan Florid ap fete 6-10 novanm 2023.
 
“ENFÒME W” Ap Resevwa Kòm Envite Margueline Rimpel Ki Ap Bay Enfòmasyon Pou Paran Elèv Lekòl Segondè
Se Pa Tout Ewo Ki Degize Epi Ki Ap Goumen Kont Krim, Genyen Kèk Ki Mete Tenis Epi Kouri Pou Sipòte Edikasyon Piblik
Plis pase 1.400 moun te patisipe nan kous 2023 Heroes for Education 5K nan dat 28 oktòb la. Evènman an te ranmase lajan pou pwogram Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach, sibvansyon, ak distribisyon founiti pou lekòl Tit I nan tout distri nou an.
 
Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Tania Martinez se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè John I. Leonard. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Mwa Patisipasyon Fanmi Nan Florid Nan Edikasyon 
Pandan mwa Novanm nan, Distri a ap selebre Mwa Patisipasyon Fanmi Florid nan Edikasyon. Inisyativ enpòtan sa a nan tout eta a rekonèt wòl enpòtan paran ak fanmi yo nan edikasyon pitit yo. Yo ankouraje paran yo patisipe nan eksperyans akademik pitit yo epi ede sipòte siksè yo. Soti nan travay kòm volontè nan klas la, rive nan ede ak devwa, epi tou senpleman rete enfòme sou aktivite lekòl la, nenpòt opòtinite pou konekte ak pitit ou a valab.
 
Elèv Yo Aprann Travay Gouvènman An
Nan Men Lidè Lokal Yo
 
Jounen Gouvènans Etik bay elèv yo chans pou yo aprann leson sou gouvènman an, pa nan yon liv, men nan men lidè lokal Rejyon Palm Beach la. Manm lejislati eta a, majistra lokal yo, ak jij yo te jis kèk nan oratè envite ki te pataje ekspètiz yo ak konesans yo nan Lekòl Segondè Suncoast . Se Erica Whitfield, Manm Komite Direksyon Distri a pou Zòn 4 la ki òganize evènman espesyal sa a.
 
Sant FAU Pou Olokos Ak Dwa Moun Rekonèt Yon Pwofesè Distri A Kòm Edikatè Eksepsyonèl Olokòs
Jackelyn Powali, yon pwofesè nan Lekòl Elemantè H.L. Johnson, resevwa prim Edikatè Eksepsyonèl Olokos Fanmi Gutterman 2023. Onè prestijye a rekonèt pwofesè efò yo gen yon enpak pozitif sou lekòl yo ak kominote a nan domèn Olokos, jenosid, ak edikasyon dwa moun.
 
Madam Powali genyen yon apwòch inik nan edikasyon Olokos nan enkòpore mizik nan leson li yo. Atravè pwòp devouman li ak rechèch li, li te dekouvri kijan mizik kapab entegre nan kourikoulòm pou bay elèv li yo ansèyman pi efikas.
 
Senpozyòm Anyèl Sou Dirabilite Pwofesè Enfòme Edikatè Yo Epi Enspire Elèv Yo
Pwofesè distri yo te rasanble nan Manatee Lagoon FPL nan dat 1ye novanm pou twazyèm Senpozyòm anyèl la ankolaborasyon ak Florida Power & Light Company ak lòt òganizasyon lokal ki konsantre sou anviwònman. Avèk yon anfaz sou restorasyon Everglades, syantis yo ak ekspè nan anviwònman yo te diskite sou sijè tankou mouvman dlo pwòp, pwoteksyon bèt/vi sovaj, ak rezistans klima. "Green Champions" Distri a te patisipe nan aktivite pratik epi yo te aprann nouvo metòd pou anseye elèv yo sou enpòtans dirabilite anviwònman an.
 
Lidèchip Distri A Debat Priyorite Ak
Delegasyon Lejislatif Zòn Nan
Mèkredi 1ye Novanm, Sipèentandan Mike Burke ak Manm Komite Direksyon Distri a prezante priyorite ki enpòtan pou asire siksè kontinyèl Distri Nivo A nou an pandan rankont anyèl Delegasyon Lejislatif Eta a. Objektif atelye a se pataje lide epi gen dyalòg ouvè sou sa Distri a vle wè nan lejislasyon eta a ak sa lejislatè yo atann nan men lekòl piblik ak edikasyon.