Vandredi 9 Septanm 2022

Sarah Mooney, Chèf Polis Distri a, sipèvize yon depatman ki gen plis pase 300 anplwaye ki asire sekirite elèv ak anplwaye yo. Li detaye poukisa ajan polis totalman akredite nou yo envesti konsa nan kanpis yo ak ki nouvo inovasyon ki ede ankouraje yon anviwònman aprantisaj ak travay ki an sekirite.

Enfòmasyon Pou Paran ak Nadilia Charles
Distri A Apwouve Yon Bidjè $4.9 Milya
Komite Direksyon Distri a apwouve yon bidjè ki plis pase $4.9 milya dola pou ane eskolè 2022-2023 a. Pespektiv bidjè FY23 a pi pozitif pase sa ane anvan yo baze sou rezilta sesyon lejislatif la, men li afekte pa kondisyon ekonomik mondyal yo. Klike la a pou w li plis.
Remèsye Yon Pwofesè
Danielle Taylor se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Logger's Run. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman yo, pwofesyonalis yo, ak jan yo genyen enpak pozitif sou elèv. Klike la a pou gade videyo a. 
Distri A Ap Selebre Mwa Eritaj Panyòl
Mwa Eritaj Panyòl selebre chak ane ant 15 septanm ak 15 oktòb. Pandan tout mwa a, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pral selebre divèsite inik ak kontribisyon kilti Panyòl ak Latino. Komite Direksyon Distri a ap adopte yon pwoklamasyon sou Mwa Eritaj Panyòl pandan reyinyon regilye li. Klike la a pou w li plis. 
WPTV Fè Repòtaj Sou Premye Pwogram Bileng Kreyòl Ayisyen/Anglè Nan Distri a.

Lekòl Elemantè Rolling Green nan Boynton Beach se lokal premye Pwogram Bileng Kreyòl Ayisyen/Anglè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Pwogram sa a ki kòmanse nan jadandanfan ap kontinye chak ane ak yon pwomosyon. Se yon pwogram kote tout elèv resevwa enstriksyon nan de lang yo.

Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.