Vandredi 21 Janvye 2022
Rete sèlman yon semèn pou w aplike pou pwogram ochwa yo. Dat limit la se vandredi 28 janvye. Distri a ofri plis pase 300 pwogram ochwa ak akademi karyè nan lekòl yo nan nivo elemantè, mwayen, ak segondè.

Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!

"Enfòme w" se vèsyon videyo bilten enfòmasyon nou chak semèn.
Nan emisyon sa a n ap pale osijè: Menntò

Distri A Genyen Yon Nouvo Chèf Polis
Patrick McCutcheon, ki se ansyen Asistan Chèf Polis nan distri a, ap vin jwe wòl Chèf Polis apre demisyon ansyen Chèf la. Distri a asire kominote a menm kalite sekirite tout elèv ak anplwaye te konn benefisye ap toujou rete objektif li. Mesye McCutcheon genyen yon karyè long ak distri a.
Gayan Inisyativ "Remèsye Yon Pwofesè"
Mary-Cecile Gayoso ak Jorge Gomez se de pwofesè ki ansanm jwenn nominasyon pou onè "Remèsye Yon Pwofesè" pou semèn sa a. Yo se pwofesè nan Lekòl Mwayen Okeeheelee kote genyen yon kokennchen pwogram bileng.
FPL Bay 50 Mil Dola Pou Edikasyon STEM
Yon patenarya kominotè ap ranfòse edikasyon syans, teknoloji, jeni, ak matematik (STEM) nan Lekòl Elemantè Dr. Mary McLeod Bethune nan Riviera Beach. Lekòl la dènyèman resevwa yon sibvansyon $50,000 pou renovasyon klas yo nan men Florida Power & Light (FPL).  Klike la a pou w li plis.
Kiyès ki ap ranpòte prim yo pou ane sa a? Distri a anonse finalis pou "Anplwaye Sipò Pou Ane a", "Pwofesè Pou Ane a", Asistan Direktè Pou Ane a", ak Direktè Pou Ane a". Ap genyen yon seremoni Madi 25 Janvye pou selebre yo epi nonmen gayan yo.
Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.