Madi 10 Desanm 2019
KINAN NOU: Pwofil Lidèchip nan Distri a
An n Fè Konesans ak Nadilia Charles, Espesyalis Ansèyman Akademik  

Nadilia Charles se yon Espesyalis ESOL nan Depatman Edikasyon Miltikiltirèl. Li sipèvize epi bay sipò, pou konseye bileng-bikiltirèl yo, Fasilitatè Sèvis Sosyal yo... (Klike la a pou w li plis)
Klas Avanse Fè w Ekonomize Tan ak Lajan

Kijan klas nivo kolèj nan lekòl segondè kapab amelyore GPA w, ba w avantaj nan aplikasyon pou kolèj epi fè w ekonomize lajan? (Klike la a pou w li plis)
Chante Sezon an

Tande epi apresye nan videyo Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pwodui, talan koral, mizisyen, ak dansè nan plizyè nan lekòl nou yo ki ap entwodui anbyans sezon fèt fen ane 2019 la.

Dènye Semèn pou Aplike pou Pwogram Ochwa Atistik yo

Sonje! Dat limit pou voye aplikasyon pou de twa pwogram atizay yo se 13 desanm. Tanpri ale sou paj entètèt pwogram ochwa yo pou ou aplike pou pitit ou.

Ale Patisipe nan Sware Patisipasyon Fanmi

Jedi 12 Novanm 2019 soti 5:30 pou rive 8:00 PM nan Lekòl Segondè Atlantic.
Ap genyen anpil aktivite pou sipòte aprantisay lakay.

* Prezantasyon sou Pwogram Ochwa yo
* Sèvis Sante Mantal ak Konpòtman
* " SIS Parent Gateway "

Ap genyen:
Distribisyon valiz lekòl / Manje gratis .

Rele 561-434-8347 pou rezève. 
Remèsye Yon Pwofesè
Julie Baker

Depi li te transfere nan Distri Palm Beach la, Julie Baker ap fè enpak ki dirab sou kòlèg li ak elèv li ap anseye. Li jwenn nominasyon pou pwofesè semèn nan pou bon travay li.

Ou gen dwa patisipe nan pwogram remèsye yon pwofesè sou paj sa a : palmbeachschools.org/thankateacher


KONPLIMAN!

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon..................561-357-766
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap kenbe pwomès li fè moun ki te vote referandòm nan pou ogmante sekirite lekòl, bay resous pou sante mantal, kenbe pwogram atistik yo, edikasyon mizik, ak ogmante salè pwofesè.