Madi 10 Novanm 2020
Konpliman Direktè pou Ane yo
Distri a ap anonse ak fyète kat kandida pou prim Direktè pou Ane 2021 an. Yo reprezante kat rejyon nan distri a:
• Rachel Capitano – Lekòl Mwayen Don
Estridge, Rejyon Sid
• Phillip D'Amico - Lekòl Mwayen Watson B.
Duncan, Rejyon Nò
• Derrick Hibler – Lekòl Elemantè K.E.
Cunningham / Canal Pointe, Rejyon Glades
• Adrienne Howard - Lekòl Elemantè Kinsey
/ Palmview, Rejyon Sant Klike la a pou w li plis.
Semèn Edikasyon Olokos
Semèn lendi 9 pou rive vandredi 13 novanm se Semèn Edikasyon sou Olokos. Genyen plizyè resous disponib pou selebrasyon sa a. Yo enkòpore edikasyon Olokos nan kourikoulòm distri a pandan tout ane a, epi genyen pwogram apwopriye pou tout laj nan lekòl yo pandan semèn nan. Nou onore tout viktim Olokos yo pandan n ap travay pou konbat prejije. Klike la a pou w li plis.
Semèn Nasyonal Sikoloji nan Lekòl yo pou Onore Sikològ yo
Pandan semèn 9 pou rive 13 novanm, lekòl nan tout peyi a pral akonpaye Asosyasyon Nasyonal Sikològ Lekòl pou selebre Semèn Nasyonal Sikoloji nan Lekòl yo pandan y ap montre enpòtans travay sikològ yo ak lòt edikatè pou ede elèv reyisi.
Leson pou Elèv pou Sekirite sou Entènèt 
Li enpòtan pou elèv yo chache konprann danje ki genyen lè y ap itilize teknoloji, pou fè sa, TechSafe pral ofri yo leson nan chak lekòl nan Distri a. Pwogram TechSafe bay ansèyman ki apwopriye pou laj elèv jadendanfan jiska 12yèm ane sou sekirite entènèt, konpòtman ki apwopriye sou entènèt... Klike la a pou w li plis.
Prim Five Star/Senk Etwal Montre Angajman Kominotè pou Siksè Elèv 
Konpliman pou 32 lekòl nan Distri a ki demontre bon egzanp angajman kominotè, biznis, ak patisipasyon paran pandan ane a pou ranpòte prim Senk Etwal. Klike la a pou gade videyo a.
Aplike Kounye a Pou Èd Finansye
Si ou bezwen èd finansye pou manje, peye lwaye, oswa bil, ou kapab kalifye pou fon Coronavirus Aid, Relief, and Economic Security (CARES) Act nan Rejyon Palm Palm Beach. Klike la a pou w wè si w kalifye pou aplike sou entènèt.
Si w pa t ouvri dènye bilten 5 Atik pou Vandredi a tcheke pou w wè enfòmasyon ou rate. Klike la a pou w li bilten an.
Pwochen bilten nou se ap vandredi 13 novanm.