Madi 17 Novanm 2020
Repons pou Kesyon sou Tès COVID-19
Distri a kontinye vigilans sou pandemi COVID-19 la. Tousuit apre vakans Thanksgiving nan, enfimyè distri yo ap genyen tès antijèn rapid COVID-19 pou elèv ki genyen sentòm.
Sware Patisipasyon Fanmi pou Angajman ak Patisipasyon
Depatman Edikasyon Miltikilrèl ap òganize yon Sware Patisipason Paran madi 17 Novanm 2020 soti 6:00 PM pou rive 8:00 PM nan yon platfòm vityèl apati Google Meet. Objektif la se pou pwomote angajman paran. Klike la a pou w li plis.
Chen Polisye K9 Distri a Resevwa Don pou Pwoteksyon
Chen Polisye Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ki rele Murphy, Onessa, Cali, Neo, Tango, Maggie, Jade ak Kobee resevwa vès pwoteksyon kont bal ak kout kouto gras a yon don charitab ki soti nan òganizasyon ki rele Vested Interest in K9s, IncKlike la a pou w li plis.
Distribisyon Manje Avan Semèn Thanksgiving
Lokal distribisyon manje lekòl yo ap fèmen semèn Aksyondegras la. Poutèt sa, Sèvis Manje Lekòl pral distribiye manje siplemantè pandan semèn avan an Madi ak Jedi nan 97 lekòl nan Distri a. Klike la a pou w li plis.
Semèn Edikasyon Olokòs
Pandan semèn edikasyon Olokòs la elèv yo fè eksperyans pwogram espesyal, ekspozisyon, ak prezantasyon. Gade videyo a la a.
Ansyen elèv nan Lekòl Elemantè Equestrian Trails wè enpòtans yon pwojè yo reyalize pandan tranzisyon nan aprantisay adistans la ane pase a Gade Rezilta a la a.