Madi 15 Desanm 2020
Nouvo Orè Distribisyon Manje Pou Vakans Fen Ane a
Avan vakans fen ane a paran kapab pran manje nan lokal distribisyon yo pou 16 jou alavans. Y ap disponib jedi 17 desanm pou sa ki vini avan yo. Distribisyon manje ap rekòmanse apre vakans fen ane a 4 janvye 2021. Klike la a pou w li plis.
Dènye Semèn pou Aplike pou Pwogram Ochwa Atizay yo
Dat limit pou aplike pou pwogram atizay yo pou ane lekòl 2021-2022 an se Vandredi 18 desanm. Aplike la a!
Dat limit pou tout lòt pwogram yo se 29 janvye 2021.

Ekzibisyon Atizay Vityèl
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap rekòmande w pou gade Ekzibisyon Atizay Vityèl sa a epi remèsye tout moun ki ankouraje epi sipòte ansèyman Atizay nan lekòl nou yo. Klike la a pou w gade videyo a.
Elèv nan Lekòl Atlantic Sipòte Kamarad yo ki nan Lapenn
Tout elèv ki nan klib Steve la nan Lekòl Segondè Atlantic pataje eksperyans pèdi yon paran. Atravè klib la, yo kreye yon rezo kominotè pou sipòte youn lòt, aprann kijan pou jere sitiyasyon an, epi konsantre sou avni yo. Klike la a pou w gade videyo a.
Sant Edikasyon pou Granmoun Nouvo Bilding pou Plis Elèv
Sant Edikasyon pou Granmoun ouvri pòt li nan yon nouvo bilding ki sitiye nan 4260 Westgate Avenue nan West Palm Beach nan mwa septanm 2020 an. Bilding nan pi gwo epi pi byen ekipe. Klike la a pou w li plis.