Chè Paran nan Rejyon Palm Beach la,

Mwen kontan anpil pou m swete tout elèv nou yo byenvini nan reouvèti lekòl pou ane 2019-2020 an. N ap kòmanse ane a antanke yon distri Nivo A epi tout estaf nou yo pare pou yon lòt ane byen reyisi akademikman pou tout elèv.
 
Kòm dabitid, nou konte sou sipò w pou asire tout timoun nou yo jwenn siksè akademikman pou tout elèv.
 
Kòm dabitid, nou konte sou sipò w pou asire tout timoun nou yo jwenn siksè akademikman epi pèsonèlman pandan ane a epi pou pi devan. Se nan lespri sa a tèm nou pou rantre lekòl la se pou motive elèv defini objektif yo epi konsantre efò yo pou reyalize yo.
 
Mwen ankouraje nou pale ak pitit nou osijè objektif yo pou ane sa a. Li pa janm twò bonè pou mete nan lespri timoun lide ke yo kapab tabli objektif epi konsantre efò yo pou travay di pou amelyore tèt yo chak ane
 
Sa ki pi enpòtan mwen vle nou konnen dabò se jan li enpòtan pou tout elèv, kèlkeswa klas yo ye, dwe vini alè lekòl, chak jou, pou yo prezan pandan tout jounen an. Absans, reta, kite lekòl bonè, fè elèv yo rate anpil nan sa yo dwe aprann, sa ki vin genyen enpak negatif sou reyisit akademik yo.
 
N ap mande elèv yo pou yo li lakay yo chak jou. Sa ede yo metrize lang nan, devlope kapasite analiz, ede yo ekri pi byen, epi byen panse. Si w pa konnen kisa pou pitit ou li lakay li, pa ezite mande pwofesè l oswa anplwaye nan bibliyotèk nan zòn lakay li sijesyon.
 
Ane sa a nou ap pote anpil atansyon sou enpòtans Aprantisay Sosyal ak Emosyonèl. Li nesesè pou nou konekte ansanm ansèyman akademik ak devlopman sosyal ak emosyonèl pou elèv yo kapab reyisi lekòl, nan karyè yo ak nan lavi yo.
 
Gras a sipò kominote a nan kesyon pou lekòl yo nan referandòm mwa novanm 2018 la, nou kapab anplwaye anpil lòt pwofesyonèl sante mantal (konseye akademik, travayè sosyal, sikològ) pou sipòte byennèt sosyal ak emosyonèl elèv yo. 
 
M ap ankouraje nou pou mete tout enfòmasyon pou kontakte nou ajou nan lekòl pitit nou. Si ta genyen yon ka ijan se apati nimewo ak enfòmasyon sa yo y ap kontakte nou.
 
Mwen atann mwen a yon lòt ane kote n ap genyen anpil reyisit. Misyon nou se bay yon edikasyon global ekselan pou ekipe chak elèv pou atenn maksimòm potansyèl li. Ansanm nou kapab kontinye akonpli misyon sa a epi prepare pitit nou yo pou vin sitwayen responsab ak travayè pwodiktif.
 
 
Doktè Donald E. Fennoy II
Sipèentandan, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach