Madi 17 Septanm 2019
Sipòte Viktim Siklòn Dorian
Pandan y ap gade imaj devastasyon siklòn Dorian lakoz, anpil lekòl, fanmi, anplwaye ak elèv ap mande kisa yo kapab fè pou ede.

Se pou sa Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la lanse Kanpay Lekti, Redaksyon ak Sipò pou kolekte lajan pou vwazen nou yo ki nan nesesite.   (like la a pou w li plis...)
Selebre Mwa Eritaj Panyòl
Mwa Eritaj Panyòl selebre chak ane ant 15 septanm ak 15 oktòb. Pandan tout mwa a, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pral selebre divèsite inik ak kontribisyon kilti Panyòl ak Latino.   

Komemorasyon Semèn Konstitisyon

Semèn Konstitisyon an selebre chak ane pandan semèn 17-23 septanm pou onore Konstitisyon an. Ane sa a make 64yèm anivèsè selebrasyon nan Semèn Konstitisyon an. 

Drapo Ayiti Reprezante ak Fyète nan Lekòl Segondè Olympic Heights
Pami 65 drapo peyi ki reprezante nan Lekòl Olympic Heights, drapo Ayiti se youn ladan yo. Se ak fyète Robert Mathurin, yon elèv klas dizyèm, gade chak jou anblèm peyi l nan lekòl li. (Klike la a pou w li plis...)
Konekte ak Lekòl Pitit ou Kèlkeswa Lang ou
Si w se yon paran ki pa pale anglè, sa pa ta dwe poze yon pwoblèm. Genyen anpil anplwaye resous nan lekòl yo ak nan distri a ki konnen lang ou ak kilti w ki kapab fasilite kominikasyon ak ou.
Objektif staf nou pou ane a
Non mwen se TAMAR VEILLARD

Mwen se KONSEYE AKADEMIK nan Lekòl Elemantè R0lling Green .

OBJEKTIF MWEN se pou mete sou pye yon “Klib Lekti” pou elèv ESOL nou yo ane sa a. 
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766