Madi 28 Jiyè 2020
Kesyonè Enpòtan pou Paran sou Reouvèti Lekòl
Tanpri ranpli kesyonè pou paran pou reouvèti lekòl. Distri a ap mande paran yo pou fè konnen bezwen yo pou Aprantisay Adistans ak plan yo pou elèv yo .   Klike la a pou w li plis.) (Klike la a pou kesyonè a.)
Komite Direksyon Distri a Apwouve 31 Out Kòm Dat pou Kòmanse Ane Lekòl 2020-21 an
Ane lekòl 2020-2021 an ap kòmanse pou elèv yo lendi 31 out nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beacch la. Komite Direksyon Distri a vote an blòk mèkredi pou retade dat rantre a pa twa semèn, sa ki pèmèt yo gen plis tan pou prepare yo pou kòmanse lekòl la atravè Aprantisay Adistans la.
Mizajou sou Espò ak Aktivite EkstraAkademik
Jedi 23 jiyè 2020, Asosyasyon Atletik Lekòl Segondè Florid (FHSAA) te fè yon dezyèm reyinyon konsèy ijans pou diskite epi vote sou dat ofisyèl kòmansman espò pou sezon otòn nan. Pandan reyinyon sa a, Komisyon Konsèy FHSAA a te vote pouse dat pou kòmanse sezon espò a 24 out oswa pi bonè. (Klike la a pou w li plis.)
Kijan pou w Jwenn Nimewo Idantite Elèv Pitit ou?
Paran! tanpri gade videyo sa a ki ap bay tout eksplikasyon kijan pou w jwenn nimewo idantite elèv pou pitit ou. Se nimiewo sa a ki ap pèmèt ou patisipe nan kesyonè reouvèti lekòl distri a. (Klike la a pou gade videyo a)
Reyinyon Espesyal Vityèl Komite Direksyon Distri a  
Gade andirèk Reyinyon Komite Direksyon Distri a mèkredi 29 jiyè a 3:30 PM sou www.palmbeachschools.org , Comcast Kanal 235, oswa AT&T U-Verse Kanal 99. 
Kesyon ki Poze pi Souvan
Nou konpile yon lis kesyon paran genyen osijè reouvèti lekòl. Kesyon sa yo bay eksplikasyon sou Aprantisay Adistans la.
Santim ou ap Travay nan Lekòl Elemantè Washington
Kominote Riviera Beach ak tout paran yo ap kontan ak yon lekòl byen bèl ak anpil teknoloji ki ap rebati depi nan fondasyon l pou sèvi pitit yo.

Distribisyon Manje pou Timoun
Distribisyon manje toujou ap fèt ant 10 a.m. ak 12 p.m. nan 51 lokal lekòl nou yo nan distri a madi ak jedi pou tout timoun ki genyen pi piti pase 18 ane oswa 22 ane pou elèv ESE yo kèlkeswa nivo finansye yo.
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an si w poko fè sa. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov