Mèkredi 23 Me 2018         
Lèt Sipèentandan an konsènan lajan taks referandòm yon santim nan

Chè fanmi nan Rejyon Palm Beach la,

Sa fè plis pase yon ane kominote a te apwouve referandòm yon santim nan ki te pataje ant Distri Lekòl la, gouvènman lokal la ak minisipalite yo. Premye fon lajan sa te vini alè pou anpil nan lokal nou yo ki te andefisi yon milya dola depans pou mentnans.
Ekip reskonsab bilding nou yo deja fini ak 17 pwojè nou te bezwen anpil anpil, tankou nouvo twati pou lekòl mwayen Lantana ak Carver, nouvo materyèl pou lekòl elemantè Lighthouse ak Panther Run, ak anpil glasiyaj, travay mete limyè, ak mete materyèl pou anpeche lokal yo koule. Genyen 14 pwojè ki ap reyalize aktyèlman, tankou nouvo twati pou lekòl elemantè West Riviera ak K.E. Cunningham/Canal Point, ak nouvo materyèl pou Lekòl segondè Palm Beach Lakes,... 
Relasyon Garsendy ak Richard se youn nan pi gwo egzanp reyisit eksperyans menntòchip ant yon konseye ak yon elèv kote youn ap aprann nan men lòt.
Garsendy soti Ayiti nan ane 2014, li te genyen 17 an, ak rèv ameriken an nan tèt li. Objektif li spesyalman se te pou l vini pwopriyetè pwòp bizniz pa l.
Apati pwogram PROPEL nan lekòl li, ki se Lekòl Segondè Boca Raton, li vin rankontre ak Richard...
SONJE PATISIPE NAN ANKÈT SCoPE LA

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la vle konnen kijan paran, anplwaye, elèv, lidè yo, ak kominote a anjeneral jwenn nouvèl ki soti nan distri a ak kijan yo vle jwenn nouvèl sa yo.

Pou pran ankèt la an kreyòl, klike la a: http://sdpbc.scopeschoolsurveys.com/index.php/954617/lang-fr
Leson Pèseverans
Istwa Moise Dérosier, Espesyalis nan Depatman Choice and Career Options, soti Ayiti pou rive pran yon degre nan Inivèsite Harvard.

Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org 561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.