Jan Pou N
Elve
Timoun
 Yon manman Panyòl prepare yon repa ak pitit gason l 'ak pitit fiPhoto by Akarawut/stock.adobe.com
Pare Pitit ou Pou l Byen Manje Pandan Ane Lekòl La
Manje ansante bay etidyan miyò chans pou gen siksè
Nou ta ka padonnen paran yo ak moun kap bay swen yo paske yo konsantre plis enèji sou tounen lekòl anba restriksyon COVID-19, epi bay yo konsèy anvan retou lekòl an pèsòn. Men, kounye a lekòl la kòmanse, li lè tou pou asire timoun nou yo ap manje kòrèk pandan tout jounen an, anvan, pandan ak apre lekòl.

Nan Miami-Dade County, malgre lefèt sistèm lekòl la ofri manje maten ak manje midi gratis pou timoun yo pandan tout pandemi an, youn sou sis timoun toujou gen ensekirite alimantè. Men Sou lòt bò gen timoun ki tonbe nan manje twòp malsen ak mank aktivite fizik. Dr Elizabeth Steinberg, yon pedyat Broward Health Physician Group di Sun Sentinel " timoun sa yo menm jan ak granmoun kap pran pwa." “Yo pa pwoteje kont faktè riske tankou izolasyon anndan kay epi yo pa fè ase aktivite fizik. "
Yon papa ak granpapa lite pou kontwòl yon timoun.Photo: fizkes/stock.adobe.com
Move Granpè Move Gramè!
Fason pou nou jere relasyon konplike ant granpè, granmè ak timoun ou yo
Y ap ofri pitit pitit yo yon twazyèm ti bonbon – kòm manje midi. Yo pa kite timoun yo pran ti repo yo abitye pran pandan jounen an. Granparan kapab itil anpil, se yon bon jan resous pou paran – men tou yo kab difisil pou jere! Si yo gen metòd pa yo pou yo elve timoun, y ap koupe zèb anba pye ou epi y ap manke w dega devan pitit ou, travay yo kòm granparan kapab tounen yon tèt chaje. Meyè sitiyasyon an, se lè yo gen kè sansib epi yo gen bon kè men si yo kòmanse depase limit yo, men 5 konsèy pou ede kalme nenpòt konfli.
Fè Fas a Enkyetid:  Yon Istwa Imigrasyonpa pa Karen Lynn Williams 
Liv Mwa A
Ensètitid ak laperèz yon fanmi imi-gran ki san papye genyen parèt fò nan istwa sa, se istwa Enrique, yon jèn jwè foutbòl, ki kalifye pou l al jwe ak lekòl li nan yon tounwa nan peyi Meksik. Enrique ap fè fas a yon chwa ki difi-sil ki reprezante enkyetid imigran ki san papye abitye genyen nan peyi sa a. Pa gen solisyon ki fasil, men fò yo aprann timoun yo jan sijè sa yo lakòz anpil difikilte nan fanmi yo, nan mitan zanmi epi nan sosyete a. 
Karen Lynn Williams ap analize sijè imigrasyon ilegal la ak efè sa genyen sou timoun ak fanmi yo yon fason ki delika epi san politik pa ladan. Malgre sijè sa a se yon sijè ki bay tèt chaje epi ki mennen anpil deba nan peyi a, paran dwe eseye edike pitit yo sou sitiyasyon an yon fason pou yo kon-prann dapre laj yo, epi liv sa ap ede yo kòmanse konvèsasyon sa a. Mwa septanm se mwa yo dedye pou Eritaj ispanik epi liv yo chwazi pou mwa sa a pale de sijè ki gen rapò ak ispanik. Tcheke lòt chwa anplwaye Bibliyotèk piblik nan Miami-Dade fè pou mwa sa a nan www.mdpls.org/staff-pick.
Fanmi yo antre nan Ekspozisyon Fanmi 2021 nan South Dade. Photo by Gregory Reed.
Trust Family Expo ap Kontinye nan mwa Septanm an
3 lòt chans pou timoun amize yo, kèk ti kado epi kèk resous
Anpil blokis. Siman timoun ou yo pi anmèdan pase lòt lè. Epi kounye a yo kòmanse gen devwa! Wi, lekòl kòmanse epi nou tout ap eseye ajiste nou apre nou fin pase plis pase 18 mwa anba tèt chaje. Chans pou nou, mwa septanm pote twa lòt chans pou moun amize yo, pote kèk bagay gratis, manje ak kèk resous enpòtan pou ede n ak yon ane lekòl ki pral long (epi nou pap pale de fèt ditravay non!).

Òganizasyon “The Children’s Trust” ap òganize twa lòt espozisyon pou fanmi mwa sa a, apre l fin òganize premye rankont lan le 28 out nan lokal Sweet Home Community Campus nan South Dade. Twa lòt aktivite yo pral gen menm anbyans lan, menm amizman epi anpil resous ki bon pou zòn yo sible a.
 Plis pase 900 timoun te patisipe nan batay ete liv yo. Photo by The Children's Trust
900 Timoun Fè Konpetisyon Pou Vin Yon Gran Gèrye Lekti
Konpetisyon ede timoun yo kenbe ladrès lekti pandan ete 
Pou timoun ki gen difikilte ak alfabetizasyon nan mitan pandemi an, ki pi bon fason pou pase ete a pase yon konpetisyon lekti ki amizan, yon evènman literè angajan ak defi tankou Battle of the Books 2021(Batay Lekti). 900 timoun te patisipe ladan l.

Miami-Dade Grade Level Reading Campaign an konjonksyon ak The Children’s Trust, te prezante Battle of the Books ki te kenbe sèvo elèv yo aktif pandan ete a epi li te ede evite "Bès Entleketyèl." Pandan plis pase yon mwa konpetisyon, lektè yo te jwenn ankourajman ak envite espesyal, amizman, demonstrasyon, prim ak atraksyon prensipal vityèl la ki te gran final konpetisyon Book Battle la le 22 Jiyè.
Resous pou paran yo
Chèche pou yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Trust Timoun nan finanse pwogram diferan ki estrès pwogram angaje, aktif ak edikasyon.

Nan nouvo The Children’s Trust Book Club la ap vini ankò ak kèk nouvo liv gratis, chak mwa, kote y ap voye yo ba wou palapòs pou tout timoun nan Miami-Dade ki fèk fèt rive nan laj 5 an. 
The Children’s Trust Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.

Men kote ouka jwen enfòmasyon ki ka ede'w jere kriz Kowona nan
Paj Coronavirus Konte Miami-Dade la sou ki kote ak kijan pou enskri pou pran vaksen COVID-19:
CDC a te gen yon paj entènèt espesyal ak Kowona enfòmasyon, dènye yo ak konsèy.

Depatman Sante Eta Florid paj Kowona nan
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la gen yon paj Coronavirus, osi byen ke yon Gid pou Paran pou Novel Coronavirus la.
Sekou Manje
Asistans pou granmoun aje yo
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!