Madi 11 Fevriye 2020
Gen Plizyè Fason Pou Elèv Reyisi Apre Gradyasyon (Doktè Fennoy)
Elèv nan lekòl segondè yo dwe poze tèt yo kesyon enpòtan sa a: Kisa siksè apre gradyasyon ye pou mwen? Li ka vle di ale nan inivèsite, yon karyè nan militè, oswa yon travay teknik apre l fini lekòl segondè.  
Selebrasyon Mwa Istwa Nwa Onore Pase pou Enspire Fiti
'Onore tan pase, enspire fiti' se tèm Biwo Divèsite nan Pratik Biznis te chwazi pou selebre Mwa Istwa Nwa nan yon aktivite ki te òganize an kolaborasyon avèk Chanm Komès Nwa nan rejyon Palm Beach la mèkredi 5 fevriye 2020 nan Biwo Santral Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.
Kinan n K ap Anseye Pitit Nou: Vivianne Jean-François

Vivianne Jean-François se yon konseye akademik ki ap asiste tout elèv ESOL nan distri nou an. Yon natifnatal peyi Ayiti, li ap travay nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach depi 20 ane. Madam Jean-François genyen yon pasyon pou edikasyon miltikiltirèl. Li genyen yon diplòm metriz nan Guidance & Counseling nan St. Thomas University .
Onè ak Omaj pou li.
Remèsye yon Pwofesè

NESTOR VALIENTE se yon pwofesè ESOL nan Lekòl Segondè Seminole Ridge. Li bay elèv yo sa li rete yon “ extra push ” pou ede yo sou wout gradyasyon. Se pou sa ak anpil lòt motivasyon li pote ke elèv ak paran yo remèsye li. 

KONPLIMAN!
Frank Kitzerow Finalis pou Pri Nasyonal
Direktè Anchèf Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, Frank Kitzerow, se youn nan 15 finalis magazine Campus Safety klase pou resevwa pri pou ane a kòm Direktè Sekirite. Li pami moun ki jwenn nominasyon pou tou peyi a anjeneral.  
Prepare w pou Pran Tès SAT
Plis pase 13.000 elèv lekòl segondè nan de klas tèminal yo ( junior ak senior ) nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap pran tès SAT, gratis, nan lekòl yo mèkredi 4 mas 2020 an.
Klike la a pou w gade videyo sa a pou enfòmasyon sou SAT.

Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis.

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766