Vandredi 12 Fevriye 2021

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

Nan non Komite Direksyon Distri a, ak tout anplwaye ki ap travay pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, mèsi pou sipò inebranlab ou bay elèv nou yo ak anplwaye nou yo. Toujou sonje Lekòl piblik nivo A nou an se pi bon chwa w pou edikasyon pitit ou.


Anons Finalis Pwofesè pou Ane a ak Anplwaye Lekòl pou Ane a
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la anonse finalis pou Pwofesè pou Ane a ak Anplwaye Lekòl pou Ane a. Pandemi a pa t anpeche uit manm Ekip Palm Beach sa yo bay tout sa yo kapab pou ede estaf ak elèv nan lekòl kote y ap travay. Klike la a pou w li plis.
Pwofesè Nan Lekòl Elemantè GladeView Briye

Lekòl Elemantè Glade View woule tapi wouj pou twa pwofesè sipèsta pou semèn nan nan okazyon aktivite "Remèsye yon Pwofesè: An Toune".

Konpliman Felecia Harrell, Whynett Jones, ak Luna Nelson-Posey. Klike la a pou w gade...

Plis pase $150.000 Kolekte pou Lekòl yo nan Maraton Vityèl

Pandan kèk mwa ki sot pase yo, Power of Purpose (PoP) ede de twa lekòl nan Distri Rejyon Palm Beach la ranmase plis pase 150.000 dola, ki se lajan ki nesesè anpil, apati maraton vityèl STEAM pou ranmase lajan. Klike la a pou w li plis.

De jèn frè ap selebre Mwa Istwa Nwa nan swiv tras Doktè Martin Luther King, Jr. Derron ak Tristan Blake tou de ale nan Lekòl Elemantè Northboro nan West Palm Beach.

Yo dedye anpil nan lekòl yo ak nan klas yo. Men devouman yo nan lidèchip ak pou fè yon diferans manifeste anpil toujou apre lekòl. Klike la a pou w li plis...
Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.