Vandredi 19 Fevriye 2021

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

Nan non Komite Direksyon Distri a, ak tout anplwaye ki ap travay pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, mèsi pou sipò inebranlab ou bay elèv nou yo ak anplwaye nou yo. Toujou sonje Lekòl piblik nivo A nou an se pi bon chwa w pou edikasyon pitit ou.

Pwojè Patisipasyon Kominotè Elèv PBCSD nan Philanthropy Tank

Chak ane, elèv nan rejyon Palm Beach yo envite pou prezante ide yo pou pwojè patisipasyon kominote yo devan yon panèl jij nan yon fòma ki sanble ak pwogram televizyon Shark Tank, pou resevwa finansman nan men Philanthropy Tank pou avanse lide yo. Klike la a pou w li plis.
Cypress Trails Selebre Mwa Istwa Nwa

Pou selebre Mwa Istwa Nwa, Lekòl Elemantè Cypress Trails konpile penti ak foto ewo nan istwa ak manm fanmi yo pou rekonèt akonplisman yo. Klike la a pou w gade...

Boca Raton ap Gen yon Lòt Lekòl Gras ak Donasyon Tè Vil la
Prèske 3.000 Elèv Lekòl Segondè Konekte ak Konpayi Lokal yo
Komite Direksyon Distri a remèsye vil Boca pou yon donasyon tè pou bati yon nouvo lekòl elemantè. Klike la a pou w li plis...
Aktivite vityèl sa a se youn nan pi gwo inisyativ devlopman ak akademik nan eta Florid la. Klike la a pou w li plis...
17 fevriye se te Jou Nasyonal Jès Jantiyès. Elèv nan Lekòl Elemantè Palm Beach Gardens reyalize yon koleksyon plis pase 200 jès jantiyès pandan de semèn Kanpay Jantiyès lekòl la. Apati inisyativ sa a elèv yo itilize kreyativite yo pou fè lòt moun plezi.
Suiv @PBCSDKreyol sou FacebookTwitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.