Madi 9 Avril 2019          
PATNÈCHIP POU APRANTISAJ SOSYAL AK EMOSYONÈL
N ap eseye nouvo metòd pou sipòte devlopman sosyal ak emosyonèl nan kreye patnèchip ant lekòl yo ak ajans ki travay andeyò lekòl yo. Ou se yon eleman esansyèl nan inisyativ sa a. Nou apresye kontribisyon w ap pote nan bati yon anviwonnman pozitif pou ansèyman.  
Aplike pou Lekòl Ochwa yo Pandan Peryòd Enskripsyon Kontwole a
Paran yo genyen jiska Madi 30 avril pou Aplike pou Lekòl Ochwa yo Pandan Peryòd Enskripsyon Kontwole a pou ane lekòl 2019-2020 an. Metòd Enskripsyon Kontwole a pèmèt paran yo aplike pou mete pitit yo nan yon lekòl nan Distri a ki pa nan zòn nòmal kote yo ta dwe ale. 
Se yon opòtinite si elèv la pa t pase nan lotri a pou lekòl paran an te chwazi a, oswa si yon paran ta vle mete pitit li nan yon lekòl ki pa nan zòn kote li rete a. 

Orè gradyasyon pou pwomosyon 2018-2019 la
Atansyon elèv k ap gradye ak manm fanmi yo, make kalandriye nou. Men piblikasyon dat ak lè seremoni gradyasyon pou pwomosyon 2019 la. Seremoni yo planifye pou anviwon 14.000 elèv nan 32 lekòl ak akademi nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. 
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org 561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.