Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oubyen rele 211
23 Oktòb 2020
Prepare Timoun Yo Pou Foli Elektoral La
Aprann timoun yo tolerans, senpati ak respè pandan moman ajite yo

Dapre yon etid Southern Poverty Law Center (Sant Lwa Sou Povrete Nan Sid La) te fè, enpak Eleksyon prezidansyèl 2016 la sou timoun nou yo te enkyetan. Nèf nan 10 edikatè te di ke yo te wè efè negatif sou atitid ak konpòtman elèv yo apre eleksyon an; Uit nan 10 rapòte nivo enkyetid la te pi wo nan elèv ke yo neglije nan sosyete a tankou imigran, Moun Nwa, LGBT ak Mizilman; alòske mwatye nan moun ki reponn yo te di elèv yo tap cheche kont youn ak lòt akòz preferans kandida yo pito. Li piplis
 Yon jèn ti gason balanse yon drapo Ameriken ak yon mask sou li.
Photo: Christine Glade/stock.adobe.com
Jan pou Selebre ak Mwens Risk jou Ferye Tankou Halloween, Aksyon de Gras, Elatriye
Jou Ferye yo preske rive; epi twazyèm vag COVID-19 nan tou pre tou

Nan mwa avril denye, anpil nan nou te fèk konnen kijan jou ferye yo tankou (Pak, Jou Delivrans oswa Ramadan) tap ye pandan pandemi koronavirus la. Pandan ke nou te espere ke eksperyans lan tap inik, pat gen anpil nan nou ki tap imajine ke nou tap toujou oblije fè fas ak yon twasyèm vag pandemi an men tan ak fèt fen ane yo kote gen degisman Halloween, kodenn pou Thanksgiving, ak kado Nwèl tou. Li piplis
Jèn ti fi selebre Halloween nan yon fason ki an sekirite anndan kay la pandan Halloween.
Photo: ShunTerra/stock.adobe.com
Fatòm, Goblen epi Mizik pou fè Moun pè ap Monte Anliy!
Y ap prezante konsè ‘The Spooky Symphony’ a anliy dimanch 25 oktòb

Pou selebre 11èm anivèsè yo, Senfoni ki pote non angle ‘Spooky Symphony’ an pral sou entènèt pou prezante kèk bèl mizik yo janm ekri ki fè moun pè, san yo pa oblije al reyini yon bann moun nan yon gwo teyat kote yo fè konsè. Se The Childrens Trust, Alabama Orchestra, ak Greater Miami Youth Symphony (GYSY) ki patwone konsè sa a pou yo kab fè l anliy pou asire konsè a san danje epi pou anpil moun kab wè konsè a, pandan y ap ofri tout yon seri mizik ki amizan epi ki fè moun pè. Li piplis
Spooky Symphony pral pran plas nòmalman la pou premye fwa tout tan
Photo: Gregory Reed
Lòt nouvèl

KOVID ka jiska prèske 100 nan lekòl Miami-Dade

YWCA ofri gadri gratis pou votè yo nan Downtown ak Miami Gardens
Rele 305.377.9922 oswa imèl isit la

Kouvrefe Miami-Dade County retabli kat jou apre tribinal la te bay lòd pou yo retire li

Drive-thru, mache-up ak sit tès mobil nan Konte Miami-Dade

Avèk ka koronavirus nan lekòl yo, pedyat yo mande paran yo pou yo rete vijilan

5 fason fanmi yo ka prepare kòm ka koronavirus vag
Men kote ouka jwen enfòmasyon ki ka ede'w jere kriz Kowona nan

CDC a te gen yon paj entènèt espesyal ak Kowona enfòmasyon, dènye yo ak konsèy.

Konte Miami-Dade paj kowona a gen dènye ak lis nan plis resous entènèt

Depatman Sante Eta Florid paj Kowona nan

Komisyon Konsèy la Lekòl Miami-Dade tou te gen yon Kowona paj, osi byen ke yon Gid pou Paran Kowona nan Novel .

Sekou Manje

Asistans pou granmoun aje yo