Madi 02 Oktòb 2018         
MWA NASYONAL DIREKTÈ/TRIS LEKÒL - DENISE SANON , Lekòl Elemantè Barton
Pi gwo pouvwa m antanke direktris lekòl se kapasite m pou m sèvi tankou yon avoka k ap defann tout elèv mwen yo. Objektif mwen se pou sèvi kominote a pandan m ap anbrase epi selebre divèsite kiltirèl li. Mwen vle yon mesaje espwa, pou fè sèten tout elèv nou yo jwenn zouti yo bezwen pou aprann epi kapab antre an konpetisyon sou mache mondyal la. Mwen enspire, ankouraje, epi motive tout staf mwen pou vin pwofesè ki bay bon rezilta nan nivo ki pi wo kapasite yo, yon fason pou ede elèv aprann byen epi devlope.  
REFERANDÒM POU ELEKSYON 6 NOVANM 2018 la

Enfòmasyon sou referandòm pou eleksyon ki ap vini an

Pou referandòm ki ap genyen pou eleksyon ki ap vini 6 novanm nan men de twa kesyon enpòtan:
·          Kisa nou bezwen?     
·          Kijan lajan a ap depanse?
·          Responsabilite moun ki peye taks yo
·          Konbyen kòb yo pral peye pwofesè yo?


Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org 561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.