Ekip Palm Beach la,

Sekirite elèv se toujou premye priyorite nou. Pandan plizyè dizèn ane Distri a finanse yon Depatman Polis entèn ak plis pase 20 milyon dola pa ane pou kouvri operasyon l.
 
Yon ane avan Parkland, kominote a te apwouve yon taks yon santim pou reyalize pwoje nan lokal lekòl yo, youn ladan yo paegzanp se pou genyen yon sèl rantre. Depatman Polis la pwodui anpil trening sou zafè tire epi rive nan menm nivo kantite polis nan lekòl yo parapò ak lòt gwo distri iben yo.
 
Pèsepsyon sou zafè sekirite chanje apati dat 14 fevriye 2018 la. Maten sa a, nou te voye pitit nou lekòl ak konfyans ke yo ansekirite. Pase 24 èdtan apre trajedi a, mwen al mennen pitit mwen lekòl ak yon kesyon nan panse m: “Èske li ansekirite?” Mwen konnen li ansekirite, men li pa t fasil pou m retire nan lespri m imaj elèv ki t ap kouri nan lekòl segondè Marjory Stoneman Douglas ak paran yo ki te vin chache yo ak kè sote. 17 ladan yo pa t tounen lakay yo.
 
Trajedi Parkland nan se te yon rapèl ki te reveye atansyon tout moun. Antanke sitwayen, nou dwe konnen pi bon fason pou defann nou se chache gen kontwòl tout sitiyasyon. Si nou wè yon bagay, nou dwe di yon bagay. Sa a se pa yon bagay pou moun ki ap vwayaje sèlman. Se yon mesaj nou dwe repete lakay, nan klas yo, nan travay nou pou sekirite nou. Li mache nan kominote nou an.
 
Aplikasyon pou rapòte menas sou medya sosyal yo, konpòtman dwòl ak zam nan lekòl yo Biwo Cherif Bradshaw bay la, elèv nou yo ap itilize l. Sistèm nou mete anplas pou ede elèv patisipe nan sekirite lekòl yo ap mache tou. Elèv yo konnen yo dwe rapòte sa yo konnen ki pa sa.
 
Antanke edikatè, nou konsantre sou sante mantal ak emosyonèl elèv yo. Lekòl toujou kote moun asire yo timoun jwenn plizyè tip bagay ke yo bezwen tankou rad, manje, ak kote pou yo rete. Li vin responsablite distri yo tou pou asire sante mantal ak emosyonèl elèv yo.
 
Nou pa gen tan pou diskite si se travay lekòl yo pou okipe afè sante mantal ak emosyonèl elèv. Li vin yon bagay nòmal pou pandan n ap bay ansèyman n ap okipe nou de sa tou. Ane sa a distri a dispose $3.9 milyon pou sante mantal elèv.
 
Fon lajan sa yo ap sèvi pou kreye patnèchip ak ajans sante mantal nan kominote a pou bay sèvis lekòl yo epi kreye de ekip pou ka ijans ki genyen ladan yo, konseye, sikològ ak lòt pwofesyonèl pou ede timoun ki pi vilnerab nan koze kriz sa yo nan distri a.
 
Sa te kouvri yon ti pati nan sa nou bezwen. Referandòm votè yo te apwouve a ap pèmèt genyen yon pwofesyonèl sante mantal nan chak lekòl yo epi ajoute plis sikològ nan ekip distri a.
 
Antanke sipèentandan, youn nan sa mwen angaje m pou m fè se double kantite polis nou genyen nan distri a epi asire nou yo genyen ase resous pou fè travay yo. Taks yon santim nan te ede kouvri nesesite machin patwouy ak ekipman, epi taks sou enpo lokatif la pra l pi devan vin ede nou mete jiska twa ajan polis nan pi gwo lekòl nou yo.  
 
Referandòm Novanm nan se te pou sekirite lekòl yo. Ane sa a sèlman, distri a pral depanse $15 milyon anplis sa eta Florid la ba li pou sekirite. Ane pase, nou ogmante salè polis nou yo pou n kapab anboche plis sou mache konpetisyon an. Relasyon ajan polis yo ak elèv yo pa gen pri, epi se pafwa rezon ki fè elèv yo santi yo konfòtab lè yo wè yon bagay pou yo rapòte sa.
 
M ap mande paran yo pou ranfòse siveyans sou pitit yo nan sa y ap fè sou medya sosyal yo ak nan telefòn yo. Menas sou medya sosyal yo bay polis nou yo anpil okipasyon pou yo chache sous yo.
 
Menas sa yo yo voye yo touttan bay adolesan ki fèmen nan chanm yo san sipèvizyon. Tandans sa a dwe sispann epi li kòmanse lakay. Tanpri pa bay pitit ou aksè nan medya sosyal yo san kontwòl ak sipèvizyon. 
 
Finalman, mwen vle pale osijè zam nan lokal lekòl yo. Lekòl yo se imaj kominote a. Malerezman, zam, goumen, sibstans ilegal, ki bay pwoblèm nan kominote nou yo, bay pwoblèm nan lekòl yo tou. 
 
Nou genyen zewo tolerans pou zam nan lekòl nou yo. Se vre anons zam nan lekòl bay anpil kè sote, men nou vle fè w konnen majorite nan 175 mil elèv nou genyen nan distri a suiv règ disiplin yo lè yo vini lekòl.
 
Nou pa kapab inyore sa. Malgre trajedi ki sekwe fondasyon nou, lekòl yo rete youn nan kote ki pi ansekirite pou elèv yo, men nan men ak kominote a, nou vle kontinye travay pou fè yo vin pi ansekirite.
 
Antanke sipèentandan epi yon paran tou, mwen remèsye nou pou sipò nou toujou kontinye bay pou sekirite lekòl yo ak kominote a. Nou toujou pi ansekirite epi pi fò lè nou travay ansanm.
 
Donald E. Fennoy II, Ed.D. 
Sipèentandan Lekòl yo
Fevriye 2019