Timoun ak moun kap bay yo swen ki fè fas ak otis pa oblije jere l poukont yo
Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) eksplike ke "otis" se yon andikap devlopman akòz diferans ki genyen nan sèvo a. Se yon mo grèk ki vle di "pwòp tèt ou." CDC deklare tou, moun ki gen Twoub Otis (ASD) gen pwoblèm ak kominikasyon e entèraksyon sosyal. Poutèt sa yo ka defini otis kòm "yon eta kote ou ak tèt ou;" oswa, 'yon eta kote ou pou kont ou'. Sa pa vle di ou dwe jere sa pou kont ou si pitit ou dyagnostike ak ASD,
Pitit ou vreman pa poukont li. Dènye done CDC montre ke 1 sou 44 timoun Ozetazini gen otis. Lè yo resevwa yon dyagnostik ASD pifò paran kite biwo newològ oswa pedyat devlopman an. Yo santi yo akable e yo gen konfusyon pandan yap lite pou konnen kote pou jwenn sipò. Nan yon efò pou jenere plis konpreyansyon sou siy, defi ak reyalite ASD, Avril deziyen kòm Mwa Konsyantizasyon Sou Otis. Nan Konte Miami-Dade, gen anpil pwogram ak resous disponib pou gide ak sipòte paran ak moun k ap okipe timoun tankou: