Madi 3 Oktòb 2017         
JOU ENTÈNASYONAL TRADIKSYON

Jou Samdi 30 Septam se Jou Entènasyonal Tradiksyon . Distri lekòl Rejyon Palm Beach genyen yon latriye tradiktè ak entèprèt nan mitan plis pase vennde mil anplwaye li yo, san konte lòt moun ki pale plizyè lang ki konn jwe wòl sa a tou. Ekip tradiktè biwo santral distri a genyen twa seksyon: yon seksyon kreyòl, yon seksyon panyòl ak yon seksyon pòtigè , ki se twa lang ki pi popilè nan distri a apre anglè. Nan nivo lekòl yo genyen Fasilitatè Langaj nan plis lang toujou pou asiste pwofesè, elèv ak paran. (Li plis) 

Pwogram Head Start nan Depatman Edikasyon Timoun Anbazaj distribiye regilyèman vèsyon kreyòl piblikasyon li. Piblikasyon an bay enfòmasyon jeneral pou paran timoun anbazaj nan plizyè domèn diferan. Klike la a pou w jwenn piblikasyon pou oktòb 2017.  
OKTÒB SE MWA PREVANSYON TAKINAY LEK ÒL
AK TAKINAY LAKAY. Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la rekonèt enpòtans pou devlope konsyantizasyon ak bay edikasyon pou sipòte mwa pou prevansyon takinay lekòl ak takinay lakay ak ankouraje aktivite nan tout distri a pou kanpay kont vyolans.
Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman
pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org561-963-3820 
Dwa Otè © 2017. Tout Dwa Rezève.