De ansyen elèv distri a tou resamman vin alatèt direksyon de lekòl elemantè.
Pandan reyinyon Komite Direksyon Distri a 27 septanm, yo te prezante Deborah McNichols kòm nouvo direktris lekòl elemantè Greenacres , ak Doktè Kathryn Morem kòm direktris lekòl elemantè Del Prado .
Madam McNichols ap travay pou distri a depi 2004. Li te pwofesè, fasilitatè, planifikatè matematik, asistan direktris avan li vin direktris lekòl elemantè Greenacres ki se lekòl li te ye lè li te piti.
Madam McNichols deklare: “Lekòl Elemantè Greenacres genyen yon plas espesyal nan kè mwen. Se yon onè pou mwen pou kòmanse karyè m antanke direktris nan lekòl mwen te fè jadendanfan.”  (Li plis)