Jedi 26 Jiyè 2017 Reouvèti Lekòl se ap lendi 14 Out 2017
REZOLISYON POU BON AKÈY AK ENKLIZYON
Komite Dirijan Lekòl Rejyon Palm Beach Pran Rezolisyon pou Ankouraje Bon Akèy ak Enklizyon pou Tout Elèv ak Fanmi yo nan Lekòl yo (Li plis)
Entèvyou ak Sipèentandan Lekòl nan Rejyon Palm Beach la, Doktè Avossa, sou Reouvèti Lekòl nan Radyo Ayisyen 1340 AM/96.1 FM
Nan kad reouvèti lekòl pou ane 2017-2018 la, Doktè Avossa, Sipèentandan nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, ap bay yon entèvyou nan Radyo Nouvelle Lumière 1340 AM / 96.1 FM, jedi ki ap 27 jiyè 2017 la a 1 :30 nan apremidi.(Li plis)
Santim ou ap travay! Lekòl Elemantè Timber Trace ap pave lokal li epi repare bilding lekòl la
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap itilize pòsyon pa l nan taks yon santim apati referandòm nan. Timber Trace se youn nan lekòl ki ap benefisye fon lajan sa a votè yo te apwouve a. Lekòl la la depi plis pase ven ane epi bezwen anpil reparasyon.
Gras ak referandòm taks yon santim nan, lekòl la ap refè pakin li epi repare plas pou timoun yo jwe. Gade videyo anba a pou w aprann plis sou travay ki ap fèt yo.
Manm Kominote a Envite Vin Patisite ak Doktè Avossa nan Evalyasyon epi Deba sou Fim Dokimantè “The One That Got Away.”
Sipèentandan Robert Avossa ak Education Foundation Rejyon Palm Beach envite kominote a vin patisipe nan evalyasyon ak deba sou fim dokimantè ki rele “The One That Got Away.”
Dapre moun ki fè fim nan, li se: “yon eksplorasyon fòs ki ap enfliyanse timoun nan lavi lakay ak lavi lekòl yo” apati istwa yon elèv trè pwometan ki tonbe nan prizon pou touye moun.