Paran,
Lendi 21 out, Rejyon Palm Beach pral eksperimante efè yon eklips solè.
Pou minimize chans pou elèv yo gade solèy la dirèkteman epi mete zye yo andanje, tout lekòl yo pral chanje orè aktivite regilye k ap fèt deyò yo pou yo fèt andedan jiskaske eklips la fini. Aktivite deyò yo ap rekòmanse a 4:30 p.m. nan jou sa a. Tanpri kominike dirèkteman ak lekòl ou si w gen kesyon sou orè espesifik sou pratik deyò oswa chanjman potansyèl nan lokal oswa lè aktivite deyò aprè lekòl yo.
Yon fwa ankò, yo mande pou tout lekòl Rejyon Palm Beach chanje tout aktivite k ap fèt deyò Lendi 21 out, pou yo fèt andedan. Lekòl yo kapab chwazi pou reprann aktivite deyò yo apre 4:30 p.m. nan jou sa a.
Anvan Lendi, nou mande pou ou pale ak pitit ou sou danje ki genyen nan gade solèy la dirèkteman ak domaj potansyèl sa kapab koze zye yo.
Nou mande tou pou tout chofè yo itilize anpil prekosyon, sou wout la ak lè paran vin chèche elèv, pou evite chofè ak pyeton ki distrè.
Mèsi davans pou sipò ou.
Atik pou enfòmasyon
Elèv yo kapab patisipe nan aktivite obsèvasyon eklips ki estriktire, y ap itilize linèt ki rekòmande pa Sosyete Astwomik Amerikèn American Astronomical Society (AAS). Direktè/tris lekòl la dwe apwouve aktivite sa yo avan.
|