Misyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach angaje li pou bay  yon edikasyon global ekselan ak ekite pou ekipe chak etidyan pou atenn maksimòm potansyèl li ak konkou yon estaf byen  prepare pou devlope konesans, ladrès ak etik ki nesesè pou fòme sitwayen responsab ak travayè k ap pwodui.

AVRIL 2017
 

VIZIT LEKÒL POU PARAN AK ELÈV K AP RANTRE NAN MATÈNÈL

Lekòl gen dwa ap reouvri jis nan dat 14 out 2017 la, men tout lekòl elemantè nan distri a gen tan pare pou di w byenvini epi bay paran ki gen timoun ki pral rantre nan klas matènèl enfòmasyon.

Lekòl yo ap tann paran elèv ki pral rantre nan klas matènèl yo vin vizite lokal yo, pou yomenm ak pitit yo fè konesans ak pwofesè yo, epi gen tan pare pou kokennchenn bagay yo dwe atann yo jwenn nan nouvo eksperyans sa a pou pitit yo... (Li plis toujou)

ENSKRIPSYON OUVRI POU KAN PANDAN GRANVAKANS 2017 LA

Paran, se peryòd nan ane a pou w gen tan ap panse pou enskri pitit ou nan yon pwogram kan pandan granvakans la pou yon eksperyans kote li ap aprann pandan l ap amize l. Depatman Pwogram Apre Lekòl ap finance kan pandan granvakans ki se kote timoun yo kapab jwenn sekirite epi griyen dan anba bon solèy sezon ete a. Pwogram kan ete distri a disponib soti 6 jen pou rive 4 out.

Enskripsyon ouvri pou timoun soti laj 5 an pou rive 12 an nan plis pase 60 lekòl elemantè nan distri rejyon Palm Beach la. Timoun yo ap kapab patisipe nan anpil aktivite konesans yo ... (Li plis toujou)

GID POU PARAN POU ESTANDA ETA FLORID LA

Antanke paran ak manb fanmi an, li enpòtan pou w konnen kisa pitit ou a genyen pou aprann dapre sa nouvo estanda eta Florid la tabli. Nou vle ba ou resous ak enfòmasyon enpòtan pou kab ede w prepare pitit ou pou reyisi nan klas li ye.

Antanke paran nou konnen nou vle pitit nou jwenn opòtinite .... (Li plis toujou)





Lekòl Primè Elemantè Galaxy E3 montre apresyasyon yo pou ofisye polis yo. Yo te envite yo vini pran “lunch” ak yo nan yo atmosfè kòdyal epi enteresan. Anpil nan polisye nan Boynton Beach te vini pou pataje manje ak zanmitay ak elèv yo. 


---------------------------------------------
 

ANGAJMAN KOMINOTÈ – PATNÈCHIP AK BIZNIS YO

Lekòl Segondè Park Vista te resevwa direktè anchèf Braman Motorcars epi pi espesyalman direktè sèvis Chris Huffman, manadjè seksyon sèvis  BMW/MINI  Rod Ortega ak manadjè sèvis pèsonèl la Kristine Dinges. Sijè yo te pale se te jwenn kijan pou fè Braman Motorcars vin angaje l nan edikasyon nan nivo enstriksyon ak nan nivo sipòte elèv.  

Sonje je biznis nan kominote a gen dwe devlope patnèchip ak distri a epi lekòl nan distri a pou angaje nan edikasyon epi jwenn avantaj fè piblisite pou sèvis  yo anretou pou plis pase 22.000 anplwaye distri a.  





ADMINISTRATÈ ANCHÈF DISTRI A AP RANKONTRE AK LIDÈ RELIJYE AYISYEN 

Ki Dat: Jedi 13 Avril 2017

Ki Lè: 5:30 PM

Ki Kote: Fulton-Holland Educational Services Center
3300 Forest Hill Boulevard
West Palm Beach, FL 33406

Poukisa:  Pou angaje lidè relijye yo nan patnèchip pou ede edikasyon timoun nan kominote a yon fason pou travay men nan men pou ankadre yo pou yo rive devlope tout potansyèl yo genyen. 
 

GADE CHO KREYÒL DISTRI LEKÒL REJYON PALM BEACH LA “Fowòm Edikasyon Kominotè”

Kanal Televisyon Rezo Edikasyon Distri a ap prezante regilyèman emisyon kreyòl sou edikasyon pou kominote ayisyen an ki rele “Fowòm Edikasyon Kominotè”. Gade emisyon an pou jwenn dènye enfòmasyon sou pwogram, aktivite ak opòtinite yo ofri nan lekòl yo ke pitit ou kapab benefisye.
Cho a pase chak jou a 6:30 epi 11:30 nan maten, ak 10:30 nan aswè sou kanal T.E.N., Comcast 234 ak ATT Uverse 99. Ou kapab wè dènye pwogram yo sou entènèt sou paj kreyòl distri a www.palmbeachschools.org/creole.

Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè
Dwa Otè © 2017. Tout Dwa Rezève.