Lekòl Segondè Wellington ak Lekòl Elemantè Palm Springs genyen nouvo lidè ki ap dirije yo.
Komite Diresksyon Distri a apwouve Cara Hayden kòm nouvo direktris Wellington pou ranplase Mario Crocetti ki pran retrèt li. Esther Rivera nonmen direktris Palm Springs pou ranplase Dawn Lewis ki limenm pran retrèt li tou.(Li plis)
REZÈVE DAT LA
Madi 6 fevriye 2018
AKADEMI SITWAYEN AYISYEN POU EDIKASYON 2017-18
LEKÒL MWAYEN CONGRESS, Boynton Beach
***Envitasyon fòmèl ap vini jwenn nou.
Distri a Ap Anplwaye Chofè Bis
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap chache chofè bis pou yo bay trening pou pare pou travay lè lekòl reouvri apre vakans fen ane 2017 la.
Aktyèlman Distri a bezwen 25 chofè bis pou la kòm rezèv pou ranplase chofè ki kite oswa ki pran retrèt yo. (Li plis)
Dat ak Lè Seremoni Gradyasyon Pou Pwomosyon 2018
Make kalandriye nou, men dat ak lè seremoni gradyasyon pou pwomosyon 2018 la. Seremoni yo planifye pou 32 lekòl ak akademi nan rejyon Palm Beach la.
Y ap difize seremoni yo andirèk sou televizyon distri a (T.E.N.) kanal 235 Comcast ak kanal 99 sou AT&T ak tradiksyon sou ekran.
Toujou tcheke ak lekòl nou paske dat ak lè yo kapab chanje. (Li plis)
Telechaje Nouvo Ap Distri a
Telechaje nouvo Ap distri a sou telefòn pòtab ou, ak Ap sa a w ap jwenn enfòmasyon sou kesyon ou genyen osijè aktivite lekòl, transpòtasyon, espò, enfòmasyon sou distri a, meni manje lekòl, elatriye.