SHARE:  
Mèkredi 31 Janvye 2018         
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap Òganize Dezyèm Akademi Pou Sitwayen Ayisyen ak Lidè Kominotè yo
Nan bi pou enfòme lidè nan kominote ayisyen yo ak tout moun anchaj ki genyen enterè nan domèn edikasyon yo sou fonksyon l ak operasyon l, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap anonse òganizasyon dezyèm Akademi pou Sitwayen Ayisyen yo. (Klike la a pou w enskri pou patisipe)   
Dat Limit pou Aplikasyon pou Pwogram Ochwa yo Pouse pou 2 Fevriye 2018

Nouvo dat sa a pa aplike pou dat limit pou pwogram atistik ki mande egzibisyon yo ki pase deja depi premye desanm pou lekòl sa yo : ​Bak Middle School of the Arts (tout pwogram yo)​, The Conservatory School @ North Palm Beach (Okès Senfoni)​, Boynton Beach High School Arts programs (Dans, Medya Dijital, Mizik-Fanfa, Mizik-Chante, ak Teyat), Dreyfoos School of the Arts (tout pwogram yo​).
Lekòl Elemantè Starlight Cove Genyen yon Nouvo Direktris
Komite Direksyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la te apwouve Kimberly Jules nan reyinyon regilye li mèkredi 17 janvye 2018 pou ranplase Cara Hayden ki pral direktè lekòl segondè Wellington lòt mwa a.

Telechaje Nouvo Ap Distri a


Telechaje nouvo Ap distri a sou telefòn pòtab ou, ak Ap sa a w ap jwenn enfòmasyon sou kesyon ou genyen osijè aktivite lekòl, transpòtasyon, espò, enfòmasyon sou distri a, meni manje lekòl, elatriye.
Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org561-963-3820 
Dwa Otè © 2017. Tout Dwa Rezève.