SHARE:  
Jedi 15 Mas 2018         
Sebastian Bruno
Yon Elèv Ayisyen Ki Pral Nan Yale University
Sebastian Bruno se yon kokennchenn jwè foutbòl ameriken ak yon elèv modèl nan lekòl segondè Olympic Heights ke anpil pwofesè, antrenè ak direktè felisite.

Aktyèlman genyen plis pase 12 kolèj ak inivèsite ki ap fè demach pou li vin ladan yo. Li fèk aksepte ale nan Yale University pou kontinye etid li.  (Klike pou videyo)
Doktè Donald E. Fennoy II
 Nouvo Sipèentandan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach
Doktè Donald E. Fennoy II, yon veteran nan domèn edikasyon soti pwofesè nan nivo elemantè pou rive Direktè Anchèf Operasyon nan onzyèm pi gwo distri nan peyi a ki se Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, jwenn nominasyon l mèkredi 7 mas 2018 la kòm nouvo sipèentandan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.
Doktè Fennoy Fè Twa Gwo Chanjman Nan Tèt Distri a
Premye desizyon Doktè Fennoy se twa gwo chanjman nan kabinè administratif distri a ke Komite Direksyon an apwouve.
Keith Oswald , ki te Direktè Akademik Anchèf depi 2014 vin Vis-Sipèentandan, Direktè Anchèf Lekòl yo. Oswald se yon edikatè ki genyen yon karyè long ki kòmanse kòm pwofesè nan lekòl elemantè Barton.   (Klike pou w li plis)
Nou Ankouraje Paran pou Mete Enfòmasyon pou Kontakte yo Ajou

Nou mande paran yo pou yo asire yo enfòmasyon pou kontakte yo korèk nan lekòl kote pitit yo ye pou si distri a ta gen bezwen rele yo.

Si w te chanje nimewo telefòn oswa adrès ak si w remake ou pa resevwa kominikasyon nan men distri a, kontakte lekòl la pou w bay nouvo kontak ou yo. (Klike la a pou w li plis) .
Yon Nouvo Ap Pèmèt Elèv Rapòte Enkyetid yo Dirèkteman Bay Polis Lokal yo

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ansanm ak Depatman Polis ap mete men ak Biwo Cherif la pou bay paran ak elèv yo yon nouvo zouti pou konekte yo dirèkteman ak lapolis.
Ap la, ki rele Pwoteksyon Elèv, pèmèt elèv, paran yo ak staf lekòl yo rapòte menas ak aktivite sispèk dirèkteman bay polis lokal yo. Li pèmèt yo tou rele 911 epi bay moun ki ap pote sekou yo adrès kote telefòn nan rele a. (Klike la a pou w li plis)
Telechaje Nouvo Ap Distri a


Telechaje nouvo Ap distri a sou telefòn pòtab ou, ak Ap sa a w ap jwenn enfòmasyon sou kesyon ou genyen osijè aktivite lekòl, transpòtasyon, espò, enfòmasyon sou distri a, meni manje lekòl, elatriye.
Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org561-963-3820 
Dwa Otè © 2017. Tout Dwa Rezève.