SHARE:  
Mèkredi 28 Fevriye 2018         
Komite Direksyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la Chwazi Kat Kandida pou Entèvyou pou Sipèentandan
Kat manm nan direksyon administratif nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la nan lis kandida ki pou vini pwochen sipèentandan lekòl yo.

Pandan yon reyinyon espesyal mèkredi, manm komite a redui lis kandida yo a kat : Doktè David Christiansen, Vis-Sipèentanda n ak Direktè Anchèf Lekòl yo, Doktè Donald Fennoy, Direktè Anchèf Operasyon; Keith Oswald, Direktè Akademik Anchèf; ak Doktè Frank Rodriguez, Sipèentandan Rejyon Sant l a.  (Klike la pou w li plis)
Sarah Ray Nonmen Pwofesè pou Ane a nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach

Sarah Ray, yon ansyen elèv ki te gradye nan lekòl Alexander W. Dreyfoos School of the Arts te tounen nan lekòl original li a pou anseye syans sosyal. Li resevwa nan jounen mèkredi 21 fevriye nouvèl sipriz se li ki nonmen pwofesè pou ane a nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.
Sipèentandan Doktè Robert Avossa, prezidan komite direksyon distri a Chuck Shaw, manm komite a Erica Whitfield, paran Ray, mari li ak konfrè pwofesè li rantre bridsoukou nan klas li mèkredi pou ba l anons la. Ray pa t kapab kenbe dlo nan je li lè Doktè Avossa prezante l yon bouke flè.
“Jodi a, plis pase avan, ansèyman se yon bagay ki enpòtan anpil. Relasyon ou bati ak lavi elèv ou touche epi fòme enpòtan anpil,” Doktè Avossa di li. 

Nou Ankouraje Paran pou Mete Enfòmasyon pou Kontakte yo Ajou

Nou mande paran yo pou yo asire yo enfòmasyon pou kontakte yo korèk nan lekòl kote pitit yo ye pou si distri a ta gen bezwen rele yo.

Si w te chanje nimewo telefòn oswa adrès ak si w remake ou pa resevwa kominikasyon nan men distri a, kontakte lekòl la pou w bay nouvo kontak ou yo. (Klike la a pou w li plis) .
Yon Nouvo Ap Pèmèt Elèv Rapòte Enkyetid yo Dirèkteman Bay Polis Lokal yo

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ansanm ak Depatman Polis ap mete men ak Biwo Cherif la pou bay paran ak elèv yo yon nouvo zouti pou konekte yo dirèkteman ak lapolis.
Ap la, ki rele Pwoteksyon Elèv, pèmèt elèv, paran yo ak staf lekòl yo rapòte menas ak aktivite sispèk dirèkteman bay polis lokal yo. Li pèmèt yo tou rele 911 epi bay moun ki ap pote sekou yo adrès kote telefòn nan rele a. (Klike la a pou w li plis)
Telechaje Nouvo Ap Distri a


Telechaje nouvo Ap distri a sou telefòn pòtab ou, ak Ap sa a w ap jwenn enfòmasyon sou kesyon ou genyen osijè aktivite lekòl, transpòtasyon, espò, enfòmasyon sou distri a, meni manje lekòl, elatriye.
Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org561-963-3820 
Dwa Otè © 2017. Tout Dwa Rezève.