Google Teste Teknoloji Reyalite Ogmante nan Lekòl Mwayen Woodlands
Jeyan nan domèn teknolojik la Google te vizite lekòl mwayen Woodlands nan yon efò pou kolekte opinyon sou nouvo teknoloji Reyalite Ogmante (AR) ke y ap devlope aktyèlman an sou non
Google Expeditions
.
Anpil elèv te genyen opòtinite pou di sa yo panse osijè pwogram sa a.
Elèv nan pwogram medikal la te genyen chans wè yon ren nan twa dimansyon, sa ki te fè yo kapab obsève ògàn sa a sou tout ang li. Elèv matematik yo te fè eksperyans vityèl nan analiz pwobablite.
Google pwojte lanse pwogram sa a avan ane lekòl la fini.